Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Ti Jinyò

1 773

Senkè nan maten. Jinyò gentan leve djougan nan kabann li. Li pase men l sou ti tab ki toupre kabann nan, li pran pat ak bwòs li. Li mete yon tikal pat nan bròs la. Li pran yon gode, l al devan an li plen gode a dlo enpi li sòti nan lakou a al bwose dan l. Sou yon bout wòch li jwenn yon moso savon, li pase l nan figi l, aprè li rense l. Ozalantou pa t gen pyès moun, li te pou kont li, fènwa potko fin kouri nèt. Te gen kèk ti filè limyè ki te sèlman ap parèt pou jou a pran plas li. Lè jennonm nan retounen anndan kay la, li pouse moto li mete deyò. Manman li menm ap de timoun yo ap dòmi toujou, yo pa konn anyen nan mayigwana. Li gade yo, li souri.

Jinyò estat moto li enpi li demare. Li dwe ale pran yon patron pi wo a, mennen l nan estasyon Byenveni Yogann pou mesye a pran machin Pòtoprens kote l ap travay. Pòtoprens ! W ta di se senp non yon vil epoutan li vle di plis pase sa. Pou machann yo li vle di anba lavil, al achte, al vann anba kout bal, anba vòlè san pitye pou malerèz. Pou kèk moun tankou sitwayen Jinyò sot depoze a se la y ap degaje yo pou fè men kontre ak bouch nan kay. Pou kèk timoun nan pwovens li vle di al pase vakans lòt kote, nan kapital. Pou elèv lekol k ap tann yo fini li vle di ale nan fakilte aprann yon bagay pou lavni. Pou Jinyò tou yon moman li te vle di sa men…

Jinyò fini lekòl klasik sa pral gen dezan. Sèl ti po manman l lan te pase setan ap fè san sòti nan wòch pou li pou peye kolèj paske Jinyò pa t rive bon nan lise apre sizyèm ane l. Li pa gen papa. Papa timoun yo menm, depi li te fin rive Chili a Man Da pa janm tande l ankò. Souvan, avan Jinyò te konn ap reve, li pa t ka tann kilè pou l fini, pou l antre nan inivèsite enpi travay pou remèt manman l tout sa l fè. Yon sèl manman, yon sèl pitit gason. Men adje dan ! Konnen l pa t konnen. Etap yo t ap bay yo chak lanmen nan tèt li men li pa t konnen lavi konn kite sipriz pou moun ki kwè yo blende. Alòs lè li rive nan kalfou verite a se lè sa li pran konsyans li te nayif men li paka fè bak. Lavi a te sanble yon gwo tonton boulva pou li e li pa t konnen ki pye pou li mete douvan. Manman l te kòmanse granmoun, zafè pwomennen ak machandiz sou tèt li a pa t posib ankò, enpitou koze tansyon sa te mande l mete kò l on kote. 

Men kote Man Da pral jwenn lajan pou l peye inivèsite pou li? Manman l fin pipi, se degoute madanm nan ap degoute. Yon lòt bagay ankò. Pa t gen li menm sèlman, te gen de lòt tilèzanj, de tifi – Safira ak Natali- pou te biye, bay manje, voye lekòl. Moso ledikasyon se tout sa yo te ka ba yo, sa ta ka penmèt yo vin yon moun enpòtan nan sosyete a demen. Sa k konnen? Depi piti, Jinyò t ap jwe lago kache ak rèv pou l vin doktè. Li te ka tante chans li nan fakilte leta Potòprens men nanpwen moun kote sila a ki ta kapab ba l ladesant. Kote l t ap rete? Pa menm bezwen panse ak fè vaevyen chak jou. Ak ki wout? Nan ki peyi? Madanm nan t ap tou mouri sou kont li.

Plis jou t ap pase, li t ap reflechi e pran konsyans de sitiyasyon an. Finalman li rann li kont li dwe fè kou l konnen poukont li kounya, e menm jwe wòl gran frè-papa. Venndezan, nan yon lòt vi osnon yon lòt peyi li te ka gentan endepandan e menm rive marye. Men nan sa a li kay manman l toujou, tankou on vye twèl, ap tann lamanjay, yon kenz goud pou mete minit. Li konprann li paka tann ankò, kidonk li deside l. Fòk li travay. Li chwazi chofè moto. 

Jinyò te deja konn kondi, kèk lane deja, aprè tranblemanntè a, li te aprann sou yon tèren foutbòl bò lakay li. Kounya se sa ki pral sèvi l, li di tèt li. Yon zanmi fè li jwen yon kontra moto. Douz mwa travay ap peye, apresa moto a pou li. Rèv la bèl. Yon lane, sa pase vit wi! Apresa afè l ap rele li pa l, yon bèl zenzenn wouj, tounèf, yon T-Monphat. Li pwomèt tèt li l ap trete mèb la byen depi kounya. Alòs li aksepte pwopozisyon an. Manman l te kòmanse fè ti retisans, men li oblije aksepte tou. Detoutfason, se pa kòmsi Jinyò t ap ka ret sou kont li toutan. Fòk ti bray la bay bouda l de tap tou.

Nan on sosyete kote moun yo jije, pale mal, mete etikèt sou lòt san rezèv, Jinyò te yon « filozòf » ki chwazi pran moto pou l travay. Pou afime l, li fè make devan moto a « Taksi pa dezonè ». Men èske s on dezonè vre lè yon nonm deside pran zam li enpi batay kont lavi a san ret gade sou sa moun ap panse? Si on nonm deside naje pou l sòti? Non. Se t ap pito dezonè pou li si l ta rete nan gran chimen mande moun osnon kase ponyèt yo. Men li pa t nan youn nan sa yo, ebyen li pa bay moun regle anyen pou li. 

Men se pa tout moun ki te wè sa konsa. Gen kèk ansyen kanmarad klas li, lè yo wè li ki pa rele l ankò, men sa pa t fè l anyen. Poutan gen lòt tou ki ankouraje l, felisite l, ki pa gade l ba. Sa te fè l kontan. Jinyò te saj, alòs li pa t konn gen pwoblèm ak moun e pasaje li yo toujou byen renmen l.

Se konsa Jinyò te antre nan degaje a men li pa t abandone rèv li yo. Petèt yo te transfòme. Li t ap panse ak ale nan yon lekòl pwofesyonèl, aprann poze seramik – sa bay wi -, osinon refrijerasyon, li bay tou enpitou li gen zanmi l ki nan dòmèn nan deja li te ka jwenn koulwa pi fasil. Pandanstan li la l ap batay ak lavi jan l konnen. Pafwa li konn santi solèy la s on mato dife k ap frape nan mitan kràn tèt li ki reponn li nan fwon l, men l ap travay. Sa fè l plezi lè bagay yo pa twò bon lakay, li pote yon pay monnen pou sanble dife. Lèmaten li mennen ti sè l yo lekòl, pafwa li lage on vennsenk goud nan men yo, li toujou chape al chache yo tou mennen yo lakay yo. Boutofen li santi li itil kounya. Li antre nan yon ti sòl nan mache a chak samdi. Yon larivyè lespwa ap koule anndan l. Kontra a menm li peye l ase byen, patron an kontan li di l s on nèg serye. Sa vle di bagay yo pa si mal pase sa. Bon, si n pa konte de fwa moto a te pran gwo pàn e se kòb pa l ki te jere sa. Men li pa plenyen pou sa. Dayè kilès ki te di l tout bagay t ap woz?

Jinyò ap vanse. Li repran konfyans nan li. L ap fè pwojè e li rete veyatif. Koze vòlè moto sa rekomanse ap fè ravaj nan vil la. Li evite ale nan zòn lwen depi l fè yon lè. Bagay sa fè Man Da pa janm p ap raple l li lè pou l rantre. Sa fè deja sèt mwa depi l ap peye kontra a, kidonk li rete sèlman senk. Li pi pre pase l pi lwen. L ap kenbe. L ap espere.

Yon aprèmidi kote solèy te gentan ap chache kote pou l mete kò l, yon mesye kanpe Jinyò.

– Ti jèn, ann al lage m Ti Rivyè.

Jinyò reflechi prese prese. Se vre lè a kòmanse gate men li pa twò ta pase sa, enpi Ti Rivyè pa lwen. L ap gentan tounen. Kite l fè dènye kous sa pou l tou rantre. Li aksepte. Mesye a monte, yon bèg nan do l, pantalon twa l li sou li, kòl li byen chita sou on chemiz blan ; li sanble yon pwofesè lekòl. Nèg yo kouri moto jiskaske Jinyò tande yon mèsi. Li kanpe. Pasaje a peye kous li, li di mèsi ankò enpi li rantre lakay li. Antan Jinyò pral derape li tande yon sèl rele ap vin nan direksyon li:

– Bare vòlè ! Bare vòlè ! 

Jinyò pa t ko menm estat, bridsoukou de nèg ak zam rive sou li, sote deyè moto l enpi òdone l demare. Jenn gason an te konprann men l pa t ka fè anyen, bouch li te gentan plen dlo, men li ap tranble. Sitiyasyon an fè l bliye sa l konn fè pase sizan deja. Bare vòlè a menm ap rapousib. Lè nèg yo wè sa, yo rale l, lage l atè sou moto a, li tonbe sou do. Sa te ka ret la men pou nèg yo sa pa t sifi, li te wè figi yo. Sa vle di anpil bagay. Pou jere sa, yon grenn katouch nan tèt sèlman sifi. Jinyò pa menm tande moto li t ap sakrifye l pou li a demare kite l atè a blayi.

Lè moun ki t ap rele bare yo rive kote l, s on mò yo jwenn atè a ak je vire lanvè, ak kèk gout dlo k ap koule ladan yo. Yo wè yon jenn gason kouche sou do. Yo pa konnen l, li pa moun zòn nan. Tout rèv li yo kaye nan ma san an atè a. Men avan, tout pwojè li yo te tounen lafimen nan bouch zam ki tire a. Jinyò pati ak tout sa l te konte fè pou manman l, pou ti sè l yo. Kijan Man Da ap pran nouvèl sa? Yon sèl manman men nan pwen pitit gason ankò. Eske lavi pa konn enjis?

Li sa tou>>> Endiyasyon

Witensky Le Scribe Lauvince

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

1 commentaire
  1. Annie dit

    Tèlman gen anpil bèl nanm deyò a tankou jinyò ki malerezman pap janm rive reyalize rèv yo paske moun malonèt ap detwi lavi yo. Alòs wi, lavi konn injis.

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.