Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Se pa pou Dat #1

6 12 076

Depi lontan li ap suiv li, li konn tout abitid li, nan tout baz li konn al bwè byè. Li ap veye yon bon moman pou l met lapat sou li. Kout ke kout, l ap fini pa jwenn yon kote, kote l ka kwense l.

***

Sa pral gen dezan konsa depi ke Marco komanse ap kase ti bwa nan zorèy mwen e m deside reponn li jodi an. Depi lè li te rive sou mwen an m te gentan tonbe pou li. Fò m di w tou m te gentan komanse ap viv avè l nan lespri m depi byen lontan, lè l rive sou mwen an m pa bezwen di w jan anndan m fè fèt. Men menm jan manman m te aprann mwen, antanke fi m pa sipoze kite santiman al avè m pou m kouri reponn yon gason depi sou menm jou li rive sou mwen an. Jan gason ayisyen frekan, talè lè li nan kont avè w li komanse ba w tout non pote. San konte apre de twa koupe, ou pa p vo menm pri an ankò. Eben m te oblije fè  kapris pou mete eskanp sou pèsonalite jèn fi mwen. M pa yon fi ki gen lespri ti koulout, ni ki kwense, dayè m pa t janm gen rèv pou m te antre nan mè. Jan m renmen ti chawa m sa ! Men youn nan bagay kifè m te pran tan avè l konsa se paske m te renmen pawòl li t ap mete atè pou l te konvenk mwen yo. M konn bliye domi pou m pale avè l jis pou m tande l ap sipliye m pou m reponn li. Gason g on jan yo trennen sou vant pou yo jwenn sa y ap chèche a, se pa sekrè tout koulèv konnen.

Depi menm moman m te fè l konnen ke m renmen l tou an e vle fè wout avèk li, misye gentan envite m sòti byenke li konn abitye fè sa deja men  jodi an se te yon bagay spesyal. Siman li espere ke m ap resi fon ti bo ansanm avè l san ke li pa resevwa yon pataswèl. M pa renmen gason ki twò vivan, se pa paske w ap koze avè m pou w wè ou preske bon pou w ap presipite bagay yo. Ebyen Marco te sòti pou l karese m nan mitan moun jis paske m te aksepte sòti avè l al nan bal Zenglen t ap fè an. Misye tèlman wè m gouye byen, kap li tèlman byen rèd anba vant, li komanse mete men l kote l pata dwe mete l. Se rete l rete li wè se kalòt k ap tonbe nan tout zo bwa tèt li. Depi jou sa li pa janm pèmèt li fè m anyen ki deplase. Fòk li aprann tann pou l jwenn bagay lan lè pou l jwenn li an. Osinon, lè m deside ba li l an.

E aswè an m te deside ba li l. M pa bezwen konn kote n ap fè l, m tann twò lontan pou m souse ti bouch lòlòz sa. M komanse prepare depi nan uitè, met pafen ki santi bon mwen an sou mwen, makiye byen bèl. Nevè tapan, machin li klaksonnen devan lakay mwen, m monte, se konsa li mennen m Kay Foun. Se te yon bon moman nou pase ansanm, vyann kabrit lan te sitou pi bon nan meni an. M te gen nenpòt 4 bon boutèy Benedicta nan tèt mwen, m komanse pale koze. Se lè sa l ap aprann depi kilè m anvi l, depi kilè m ap fè kapris. Pandan m ap pale an, yon men l te déjà sou kuis mwen.

M fè l pakin machin nan yon ti kwen fènwa epi m pase pye m sou li de fason pou m jinope l tankou lè w ap monte chwal, m rale tèt li pa dèyè epi m tonbe pran lang avè l. se tankou lè m ap souse kenèp, m fèmen de je m pou m bwe ji bouch li, makonnen lang mwen ak pa l pandan men l ap desann de bò dèyè m. Se konsa m te nan paradi epi bridsoukou…

 Yon bri fèt nan vit machin lan, epi limyè yon flach vin koupe filing mwen.

Sòti nan machin nan.

Se te yon chèf ki vin bare nou ap fè lòbèy. Lè nou soti nan machin, se te yon polis fi ki t ap ret tann nou katreven diznèf min mare nan fwon li. Li met lapat sou Marco epi li tonbe lave men l nan figi l ak seri de gwo kalòt menm volè pa janm resevwa.

Volè, m resi pran w jodi an. Konsa m tande l di.

Li pase minòt li epi ak gwo kalòt li fè nèg mwen an antre nan pikòp li an. Inè di maten. Mwen te poukont mwen nan lari an, mwen te konnen ke Marco t ap mache kouche ak tout fi li jwenn men m pa t janm  konnen  li te yon volè.

***

Depi lè pwomosyon li an gradye an epi yo remèt li plak li kòm ajan poul pwoteje ak sèvi, li te vin santi li gen pouvwa pou l rache pou l koupe jan l vle. Se konsa yo te voye li nan sèvis nan vil senmak kote deja pa gen anpil fanm kòm polis. M pa bezwen di w jan tout zizye lòt chèf  yo kanpe lè yo wè bèl ti grenn sa debake. Epi sa l rayi avèk yo an, youn pa konn kijan pou yo rive sou yon fi e sa ki fè efò ki byen rive an pa konn kijan pou l  koze. Anfen, li te gen degou. Men li te konnen trè byen ke li se yon bèl grenn chelèn e se youn nan traka ki ka rive lanati, lè yon fanm konnen li bèl tout bon vre. L ap fè lemonn antye met ajenou nan pye l.  Sa l pi renmen se lè l ap fe sikilasyon nan vil lan epi pou w wè chofè moto k ap fè kolizyon ak lòt tèlman yo pèdi nan fòm dèyè l. Li pa manke pa ba yo gwo kout kontravansyon tou.

Men malgre tout refi ou wè yon fi ka bay yon gwoup nèg ki lage pèlas nan kò l ap toujou gen youn l ap santi yon ti bagay pou li. E grenn gason ki jwenn merit lan se pa youn nan gwoup nèg ki tounen ekspedisyon pou li yo, men se yon nèg konsa konsa ke l kwaze nan yon restoran. Li te tèlman renmen jan nèg lan kenbe fouchèt li pou l manje. Li te gentan wè l nan plas fouchèt sila. Se pa de briganday ki gentan fèt nan  lespri l. Lè l reprann li, jennòm lan te gentan leve e mouch te gentan ap gagòte nan manje pa l lan.se sèlman do l li te wè ki ta prale. Li pèdi nan jan dèyè ti jèn bway lan te byen detire nan pantalon an. Fòk li pase sa anba dan l kanmenm sinon yo pa bezwen rele l non l ankò.

***

Kè Marco t ap bat anba bouda l. Li gen rezon pou l sote paske nan tan ensekirite sa lè lapolis met lapat sou jèn gason se swa l voye l twa ka mò lopital oswa li lage l nan gran prizon. E Marco pa t prepare ak evantyalite sa paske li pa konnen li fè anyen ki mal. Sof si…

Jiskaprezan bò machwè l t ap fè l mal toujou, li ta byen renmen konnen si polis fi sa konn bwase mòtye avèk men l.

– Ki kote w pral avè m la chèf? se kesyon sa l poze lè l wè li komanse ap antre nan seri de ti riyèl avèm.

Li sèlman kontante l bay seri de kout volan a gòch a dwat pandan ke tanzantan l ap gad nan retwovizè an. Je l tonbe nan je l. Kè l bat pi vit, pi fò. Li resi kwaze ak zo grann li nan senmak. Chak jou manman l ap pale l. Granmoun nan pat konnen li te koupe lonbrit ti gason lan ak kilòt limena. Anmenmtan li t ap reflechi ak kisa l fè pou l tonbe anba men lapolis. M pa kwè l fè move zak epi bridsoukou lide l al tonbe sou ti nègè sa lòtrejou ki te pwomèt li li t ap fè kale l nan vil lan. Se pa t fòt li toudabò, li jis t ap bwè jou sa e l pa t gen kontwòl sa l t ap fè yo. Sa vin rive li pibliye foto manzè toutouni sou yon gwoup watsap ki gen pifò gran chire nan vil lan ladan l. Pou di vre, se pa t fòt li. Menm Therèse mennaj li an, li pa kite konn bagay sa. Si se pa sa, li ka nan gwo cho. Menm moman li panse ak Therèse la, li panike. Lapolis pran l gwo inè di maten, kounyeya la kisa Therèse pral panse de li. Sitou li fèk reponn li mennaj.

Pandan l t ap panse konsa l pa t menm wè si machin polis lan te kanpe. Se lè l ouvri pòt lan epi yo rale l met deyò li wè se nan yon lakou l te gentan rantre. Polis lan ouvri pòt lan epi li pouse l rantre. L al ateri sou yon seramik ke l gen enpresyon ki pa pran gou bale depi m maten.

Lè l pase limyè an, li gen enpresyon se yon zanj ki vin vizite l, men nan lespri l zanj yo pa konn gen po nwa, alòs li plis panse se Èzili ki te arete l. Malgre tout bèl polis lan te ka bè l sa pa anpeche mande tèt li : « poukisa li arete m ? Poukisa se la l mennen m ? Ki entansyon l ? ».

Li pa t pran twòp tan pou l te  jwenn repons ak kesyon sa yo. Fanm lan depoze zam li sou yon ti tab epi li trennen misye nan yon chanm, li lage l de bra dèyè do sou yon kabann epi li komanse dezabiye l.

Se pa pou dat, ou menm tigason sa, ap plede vyole lespri m fè m paka domi. M chèche w tout kote, m suiv ou nan tout kwen. Jodi an m resi mete men sou ou. Aswè w ap sispann vyole m. W ap sispann fè bagay avè m nan lespri m. Bout kann sa mpral f on siwo avè l jouk li jou.

Eder A. Simphat

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

6 commentaires
  1. Shaii dit

    Le dernier paragraphe m’a tuée ?????????

  2. mariekayla509 dit

    Bon travail, li plein ak surprise

  3. Chouloute Yvenie dit

    Très interessant !

  4. Bijoux Sandie dit

    Wenwwenwenw ! Ala ti chef sovaj oooh!

  5. Le romancier dit

    Bon pouki tout vyolans sa yo ?

  6. Vasthi dit

    Sa E ou pi Eder

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.