Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

An Katimini: Vilgarite

2 7 580

 

 

Yon kokennchenn fènwa vann sapotay bò lari,

Yon kokennchenn fènwa plim grenn sou do bouboun ki sa makonnen ak filang kilòt tanga.

Ti bout jip kout koud anlè jenou, pou sa agase jenn bway ki an bandisyon.

Sete lavi Anabèl

Yon bèl gazèl byen monte

Ki t ap fè bagay pou l sa viv

Yon marabou bouda pikèt bèl kou chokola matlòt katòz fevriye.

Yon fòm koka, men ki pa finn twò glase tèlman li pase nan anpil men.

Anabèl gen yon djòl

Wouch!

Se yon mèvèy lasousad sou tèt bwa byen bande.

Ak yon je revòlvè jan ti atis la chante l la.

 

Men,

Anabèl sa kite jwe nan po devan l nan mitan lannwit

Paske se sa k  pèmèt li viv lè solèy kale je l.

Li aksepte gwo bwa ki plen bòbòt li rapyetè

Ki fè kè l palpite, ki fè l sal kò l ak fè l gouye tankou moun èzili sele. Yon bwa k plen venn, ranpli twou

Ki pasa kite espas ata pou ti van sa al vante chalè sakad kout pwent ki byen chita anba ti vant li.

Anabèl abitye pwenti pou l sa pran bwa k byen di ki konn fè move chimen pa eksprè. Yanm.

Pye tranble, depale, grafonyen

Bon jan tap konn fè l mande pran pòz li santi ki ka frape plafon bòbòt li.

Anabèl konn reziye l ak sapatann pete fyèl

Kenbe kè ak nèg bann poul ki pase pwa ak bwè guinès ak sèl

Pou sa vin banbile, lè li wè lajan an ap gra

Rive lakay pasa dòmi ak bouboun demantibile.

Dèfwa lè zètwèl li briye

Li konn plede pase nèg tèt fèb ki vinn gaspiye lajan nan de tan twa mouvman.

Nèg ti kòk satiyèt langyèt, bonjou pwèl, orevwa a byento.

 

Anabèl pa fyè de djòb li.

Men se sa ki lavi l.

Si l pa bourike, dèfwa aksepte kreke, li ka pase jounen grangou ak gou pat k ap fè kim nan bouch li.

 

Lire également>>Ilegal #1

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

2 commentaires
  1. Vanessa Bien-Aimé Retiste dit

    M pa jwenn mo. Tèks lan bèl, rayalite k travèse l lan mabyal. Bravo Tiger.

  2. […] Lire également>>An Katimini: VilgariteDjacy’s […]

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.