Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Fanm, Kreyòl epi pwen

5 9 057

 

Mwen sonje lè li te fenk ap koze avè m. Misye te gen pawòl, jès li, aksyon l pat kontredi yo. Mwen te kòmanse apresye l anpil. Men m pat vle renmen avè l. Li te twò sanble ak yon ti pastè. Mwen, kote yo wè m sanble ak madan pastè tèt mare ?  Men misye te tèlman gen yon jan li banm afeksyon, m te deside aprann konnen l. Mwen te fini pa ba nou yon chans, wè kote sa te ka mennen nou.

Mwen sonje premye fwa nou te bo. Se te yon dimanch swa. Nou te rankontre nan yon ti restoran sou Lali. Li te gentan ap tann mwen. Lè m rantre, li te gen yon jan li tap fikse m. M te wè afeksyon ak anpil dezi nan je l. Nou te kòmanse pale. Li fè yon premye tantativ bo m. Mwen vire tèt mwen. Li souri, yon ti souri timid. Souri sa te chavire tout sa ki anndan m. M pat fouti reziste ankò. Mwen te rale l sou mwen, epi mwen bo l. Jiskaprezan, m pa fouti konprann sa ki te pase aprè. Se te tankou latè te resi santi tèt li ap vire pou dat lap vire won. M pat goute alkòl, se te kòmsi m te santi m sou. M pa konprann kijan m fè te santi tout bagay sa yo. Li gen yon jan li te kenbe figi mwen kòmsi l te pè pou n pat sispann bo…  Jou ale, jou vini, jouk nou te rive pou kont nou nan yon chanm. Kijan pou m ta bliye premye fwa nou te fè lanmou ? Premye karès li… Panse ak sa selman toujou refè m mouye kilòt mwen. Mwen pa janm bliye jan l t ap pase men l nan figi m avan l te bo m. Lè li te kite bouch mwen, pou l al souse zorèy mwen pandan men l tap flannen sou tout kò m. Mwen pap janm bliye jan l te gade m, lè m te fè l kouche epi m desann al souse l. M jis bezwen fèmen je m pou m re koute alsiyis li yo. Li te leve tèt mwen epi li di m li anvi souse m tou. San ezite, m vire sou li, m ba l afè l pandan m kontinye ap karese ak souse bwa l. Premye bon ti bèf nou, yon swasant nèf. Kout lang li yo te telman dous, m sonje m te menm rive gouye sou figi l. Jou sa nou pa t rive pi lwen. Nou te ret kouche sou kabann lan, li te nan bra m.

-M telman renmen nan bra w cheri.

-Ey! M remake w toujou ap di w anvi nan bra m… Ou pa di ou anvi m nan bra w fasil, non.

-M pa t remake sa.

– Ou dwe te manke jwenn afeksyon lè w piti… bebe m toujou ap dèyè afeksyon wi.

-Depi kilè w te sikològ la cheri ?

– Serye ! Ou dwe ap chache yon lòt manman.

-Trip sou mwen, non. Pa di m sa deranje w…

-Non cheri. Men defwa, m vle gen yon gason nan men m.

-Ok doudou. An pasan, jan w pale yon kreyòl ki di lè wap fè lanmou an, konsa w renmen koupe di tou?

-Koman yon kreyòl ki di a? Mwen jis pale kreyòl cheri. E sa k fè talè a ou tap di m « je t’aime ma douce »  ou yo. Ou genlè panse m pa t tande !

Nou te ri tankou de timoun piti. Anpil jou te pase, nou te refè lanmou plizyè fwa, san nou pa t koupe. Li vin anvi sa twòp, paka kenbe ankò. Li mande m sa. Mwen tou m te anvi sa anpil.  Epi yon jou m te pou kont mwen lakay la, m rele l di l vin wè m. Lè l rive, m rantre ak li nan chanm lan, m kòmanse bo l. M fè l chita sou kabann lan, m retire mayo sou li, m dezipe pantalon l epi pandan m ap bo l la, m komanse karese zouti li. Li te gentan bande anpil. M santi l te renmen karès mwen yo. M rale bwa l met deyo, epi m desann, kòmanse souse l. M te renmen tande alsiyis li yo. M te renmen jan l fouye men l nan cheve m. Aprè yon ti tan, li leve m, bo m. li dezabiye m epi li pouse m sou kabann lan. Li fin dezabiye l nèt epi li monte sou mwen. Li gen yon jan li tap karese m ki te fè tout andidan m tranble. Je fèmen, li t ap flannen lang li ak men l sou tout kò m.  Jan men l tap glise sou tete m pou l rive sou koko m se te tankou kretyen vivan ki ap pran wout lamontay al chache delivrans yo. Lè l rive la, li te kòmanse woule krèk mwen. De je fèmen, de janm  louvri, m sipliye li pou l souse m kounya. Plezi ti nèg sa te gen anba lang li… Ay ! Se alsiyis mwen pou w ta tande pou w ta konprann. Aprè yon ti tan, m wè l leve, byen rèd, byen deside. Lè m santi l pral antre anndan m, m kanpe l. Mwen, m te anvi karès li yo toujou. Mwen pa wè poukisa li te prese la. Se pat kòmsi m ta pral leve al fè wout mwen. Poukisa l pat ka pran san l pou l te fè lanmou avè m ? M di l : « cheri talè. Fwote bwa w sou krèk mwen avan. » Wouy ! M tèlman renmen bagay yo rele penso sa ! Epi misye gen yon jan li fè l ki telman banm plezi… Jan m renmen li an, konsa mwen renmen fè lanmou avè l tou. Pandan l ap fè penso a pou mwen, li panche pou l bo m. m pran bouch li ak raj. Epi m al nan zorèy li, m sipliye l : cheri, koupe m !

 

 

Samuel Beauchamps

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

5 commentaires
  1. Neissah Placide dit

    Mezanmi! Mwen pa gen mo

  2. Fedorah S dit

    Kreyol la swa???

  3. Michelson dit

    Bon bagay Samuel , kreyòl la trè kreyòl , ala yon Lang gou sè kreyòl sa.

  4. Daphkar Joseph dit

    bèl text. félicitations à l’auteur. banm Lang kreyòl mwen papa

  5. […] Li sa tou >>> Fanm, Kreyòl epi pwen […]

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.