Mwen leve ak rèv rèl krèv kè kèk frè
k ap fè klewonnen endiyasyon yo
Nan mitan yon sosyete soud
Bèkèkè
Nan lespri
Avèg
San bon sans rans vagabon
Sansal k ap fè dapiyanp
Sou lespwa
Yon ti pèp ki pa menm posede yon
« Aki m prale »
Dechèpiye lespwa sou tab mache anfè
Kat pye kwochi k ap tranble
Souri manman ak tèt Mare ki sa konnen
Pitit li chita devan yon Tablo nwa ap aprann
Rèv blan lavi a
Tab k ap kadanse
Danse dans kole sere
Ak grenn wòch ki pou sa soutni li
Kote vyann santi kochon
Grate nan bonm pwa
Sete yon kaye sou ban ledikasyon
Kote trip bèf makonnen
Vant k ap tòde anba grangou
Sete lespwa fanmi an
Sa va gon ti jeni ka va fè
Ti trip sispann dechèpiye gwo trip
Epoutan
Ti Mari monte , li pa desann
Ti Sonson soti , li pa antre
Yon rèv delivrans
Flanm dife pòv
K ap makonnen pòv mennen ale
Ak tout lespwa ti machann
Vòlè espwa manman tèt mare
Fè l sa desann kòd ki nan kou li a nan vant li
Fè li kriye :
« mare vant mwen,
m paka sipòte ankò »
Yo ava kriye rele
Ak dlo anmè sèvo anboulatchwa
Ki sa va anbeli
Souri kontantman
Bò djòl bokè sila
Ki sa satisfè de zak malveyans li
Ki kontantman ki gen nan sa?
Nou chyen
Nou pa vo anyen pou yo
Yo fèk kare ap pandje palanke plen pip nou
Kou bouzen bò lari
Ak kèk lespwa wout ak pwomès manje
Ak kèk bèl diskou
Kote se sèlman mouche a vès yo
Ki konn fomil la
Vi nou tris
Vi nou mal
Kou fanm ki ap lite ak grangou
Se akoupi m senyen w
Se pandje m pete kannkès ou
Se pase li yon bò pou m tenyen dife w
Epi se
« jann nangèt vip bip kalebouyi »
Bon
M al bwè on ti gwòg
Pou m neye sitiyasyon an tankou nou tout
M oblije ap ri sa ki ta dwe fè m kriye…
Ou di tout sa pou nou ta di.