Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Se pa pou dat #5

17 7 986

Istwa sa pa sèlman fwi imajinasyon m men se yon istwa mwen te tande pandan m t ap sot nan lanmè Monwi nan bouda yon kamyonèt. Jis pou m di nou istwa sa ta sanble se yon bagay ki te pase tout bon.

 

 

Mesaj yo te monte youn pa youn sou telefòn manzè Linda, senk kout alam pandan l t ap chanje sou senkyèm vitès. Li te byen fè voye telefòn lan nan yon kwen. Bouch li te toupatou sou ti jennòm lan, li kite mak dan, li kite mak lang e li kite mak grif li sou li. Li souse ti bway lan tankou se grenn kenèp ki fèk donnen. Li te kòmanse santi yon sekous ki t ap monte a tout boulin anba ti vant li, premye fwa li te santi yon sansasyon konsa. Touswit, li santi bout anba l ki mande dechennen, li met yon men anba gòje Marco, li tonbe peze kou l kòmsi l te dèyè toufe l pandan l ap pouse l gwo pwent tankou se lè bourik an chalè. Nan fason pwent sa yo te bosal lan la, peni Marco te sanlè rache anba l. Sa w tande an, manzè Linda kòmanse tranble depi nan pwent zòtèy rive jouk nan plim je l. Bouch li te ret tou louvri men ankenn son pa t sòti, jan l te chita sou bagay sa, jan l t ap djigèt li an ta sanble l resi rive nan gòje l. E ta sanble l tou kwoke la. Bridsoukou, li tonbe bat tankou poul yo kreve. Bouch li t ap bay yon bave sou kwè bave ti bebe, li pa t menm ka leve men l pou l siye l. Lè resi gen yon ti moso lapawòl ki sòti an li di: « wouch, iii dou, iii dou, iii dou papi… » Epi l lage kò l sou kabann lan. Se lè sa Marco konprann li te annafè ak yon fanm nan nò.

***

Yon ti domi te sòti pou vòlè l lè telefòn li vibre ankò. Li kuipe nan domi, li voye je l li wè nèg lan te reveye toujou. Se pa konsa l te imajine premye nwit li ak misye men kòm sikonstans yo paka jan l bezwen yo an, li te oblije fè vyolans. Li sonje lè l te gen sèzan, li te legliz pwotestan, marenn li te toujou fòse l pou l ale, fè l patisipe nan koral, li te gentan prèt pou l te tounen yon dam misyonè. Men nan fon kè l li konnen se pa t sa l te vle e li te konnen li pa t ap janm ka yo fanm misyonè sensè ak kalte peche sa li kòmèt yo. Li raple l trè byen lè l te desann pantalon prezidan jenès li an nan twalèt legliz lan e li te depoze yon onksyon sou tèt afè l. Prezidan an pale an lang nan twalèt lan, se depi lè sa li tou pa kwè misye ankò lè l ap vin pran pòz ap pale lang zanj li yo. Youn nan bagay li te toujou konn tande y ap di legliz lan e li te kenbe l fò pou l rive tout kote l rive nan vi an se te grenn pawòl sa : « wayòm Bondye an difisil pou antre ladan l, se moun ki vyolan k ap ka rantre ladan l ». Pou li, prensip sa pa t sèlman yon prensip pou wayòm syèl lan, men se yon prensip ki te valab pou reyisit li nan peyi li t ap viv lan. Epitou, li gentan se yon fi, sosyete an gentan ap minimize l pou sa sèlman. E sa k fè li mete grenn kote k pa genyen epi l tou tounen yon vyolan. Li rantre ak raj, ak dètèminasyon, ak gran kòlèt epi l enpoze l. Pa nan tout sans men l rive fè mesye ki polis yo gade l yon lòt jan, epitou, li pa gen entansyon ret yon senp ajan. Fòk li pran grad. Sa gen kèk tan depi l ap panse ak pòs kòmandan Job lan. E l ap jwenn li, li jis bezwen pete yon skandal anndan pou l koupe tèt li epi pran plas li an. Sa fè lontan li konprann sistèm sa byen e li pa vin bay piyay. Konplo ap trase, wanga ap trase tou.

Senk mesaj, twa apèl manke, men Job bezwen konyen l ak tout fòs li vre. Epi misye pèmèt li ap menase l ankò wi. Jan l konnen li pa pè presyon. Si Job gen gason nan gason l se pou l monte vin chèche l jous lakay li. L ap resi pete bal nan dèyè misye pou tout bon. Job genlè panse ak chantaj li yo li ka vin bon sou li la, se pou Job degaje l al gouye anba jip ti sè legliz li an. Osinon, se pou l desann sou Pòtay Monri al nan mouda bouzen yo. Li efase tout mesaj misye te kite ba li yo. Li fèmen telefòn lan, avan l domi, li karese vizaj nèg lan, li etone misye pa t ko domi jiskaprezan.

« Ou pa bezwen enkyete w, m ap voye w al jwenn mennaj ou talè konsa.»  

***

Kolangèt mesye, sa fè senk fwa li voye menm mesaj lan bay manzè e jiskaprezan li pa reponn li yon peta. Li rele l, telefòn li sonnen san repons. Aprè yon trant minit li eseye ankò, fwa sa se yon dam ki tonbe pale avè l di l moun l ap rele an pa disponib. Sa montre l aklè manzè te wè mesaj li yo se reponn li pa p reponn menm. Eben li pral fè l konn « Kèské lé kòmandan ». Li pa janm renmen fanm betize ak figi l menm si l te renmen achte figi yo. Li sonje ti pèlen li te kwaze ri Sen Simon an, depi lè l te wè l lan li te gentan konnen se yon ti pa bon. Men ti pa bon an tèlman gen yon anfòm sou li, li te gentan anvi kole dan. Li abòde l pandan l t ap achte sosis. Tidam lan pase l nan rizib kont li, men alafen li te sòti ak rezilta l te bezwen an : nimewo telefòn lan. Misye poko menm rive lakay li, madwazèl lan gentan voye yon demand ba li : « m konnen w pral pran sa mal wi, men m pa gen telefòn pou moman an, aktyèlman se sou telefòn yon kouzen m  m ap ekri w la, alòs m byen renmen fason w, pou nou ka kontinye pale, li t ap bon si w chanje sa k nan menm lan. »

Lè sa l te souri nan gòj, ti manzè t ap teste l pou l wè si l pot nan djakout li vre. Li pa t gen kòb an likid pou moman an, li kouri al fè yon retrè rapid vit sou kanè bank li. Erezman pou li, semèn lan, madanm li te nan yon jèn sis pou sis. Lè l ap sot travay li debake lakay demwazèl lan, li pot telefòn lan ba li, li te vle manzè antre nan machin lan men an bon entèlijan, madmwazèl lan pran bwat lan, li depoze yon ti bo bò machwè l epi l file antre lakay li. Yon ekspè. Li te fè pil jou pa janm tande l, pil jou pa janm wè l. Lè l vin resi tande l lan, se ak yon bil manzè vini, li te bezwen kòb lekòl li pou l peye paske l te anreta sou pèman an. Li te tèlman anvi manje manzè ak ray, li depanse san gad dèyè. Tout sa l jwenn kòm rezilta se yon lòt ti bo bò machwè.

Li te gentan konprann jwèt ti penbèch lan t ap jwe an. Li tann lè l bezwen yon bagay ankò, misye mande l avan l ba l kòb lan fòk li sòti avè l. Manzè aksepte : « Sèlman m pa pral nan BRH non ».

Nan maten, li pase bò plas lan, li kòmande yon sòs pwa, gen yon zanmi l ki te di l bagay sa bon anpil lè w pral mennen gwo konba. Li mennen manzè nan yon restoran ki te deyò vil lan. « Te kwè m te di w pa mennen m nan BRH »

-« Ou konnen l fènwa, sèl restoran an m wè »

            Pi move ekskiz li bay depi lè li konnen karyè gason enfidèl li kòmanse. Sa k te pase nan jou swa se yon bagay li pa p janm bliye. Sòs pwa an reyaji, manzè kouri vole, pete pòt lan, rele pote l sekou. Li kouri desann toutouni, al kache anba youn nan tab moun yo t ap manje an. Jou sa, kòmandan an te santi l ba l yon leson pou lavi.

            Se konsa tou li te anvi pase manzè Linda yon leson men fanm lan te sanble pi koryas pase tout lòt sa l te pase yo. Se konsa, li vin gen yon rayisans ki monte sou kè l pou polisye an. Li te gentan pa t vle wè l, li te vin pi rayi l pase jan l te anvi koupe l lan. Desizyon l te pran. Li pral dechouke manzè jouk lakay li. Fòk tolerans sispann nan enstitisyon an, li lè li tan pou l montre se li k ap dirije e fanm paka fè l fè tenten. Li rasanble yon dizèn polisye, yo monte yon bakòp, yo pase medam yo lòd pou yo ka suiv yo. Epi nan yon toubiyon pousyè, bakòp lan derape, san limyè, ak tout vitès. Yo manke pase sou fyèl yon chen ki te kouche tou long nan mitan lari an.

***

Se te pou premye fwa Thérèse t ap suiv yon operasyon lapolis. Kè l t ap bat fò tankou se lè y ap kase tèt mayi pou fè chanm-chanm. Polisye yo te sènen kay moun yo te panse ki te kidnape nèg li an. Rachel te kanpe bò kote l pou ba l fòs, watadi manzè se te yon twal yo mare nan senti l. Li pa konn poukisa li te pè konsa, èske se paske l pa vle operasyon an derape epi pou bal tonbe ap jwe serenad oswa li te twò anvi wè mennaj li an ankò malgre se sèlman katrèdtan sèlman ki pase depi ensidan an ? Antouka se lè tout bagay fini l ap ka met yon definisyon anba tout sa l santi nan moman yo la. Yon kòk tonbe chante. Ba jou ta pral kase. Bizaman, nwit sa se te nwit ki pi long li pase nan tout lavi l. Li t ap gad polisye yo ki t ap pwogrese an silans. Se te bagay li konn ap gad nan fim, l ap viv yo layv nan moman an. Yo pete pòt antre an epi yo tonbe fe gwo bri, bay gwo avètisman, bay gwo entèdiksyon : « pa bouje, polis, polis, ret jan w ye an ». Yon katouch pati, Thérèse blayi plat atè an, Rachel ranje kò l li antre anba machin polis lan. Te gen gwo mouvman ki t ap fèt anndan an. « Jete zam ou an, chèf Linda, pa mete nou nan pozisyon pou n tire sou ou. »

Thérèse te atann li kèk katouch t ap pati ankò men anyen pa t fèt. Lè l leve tèt li, li te wè yo t ap sòti ak Linda, de (2) bra dèyè do, ak yon chemiz de nwi transparan sou li. Kè Thérèse tonbe bat fò pi plis. Li pete kouri antre anndan an, polis yo pa t menm gentan wè pou yo anpeche l antre, l al tonbe sou kòmandan Jòb ki t ap retire minòt lan nan men Marco. San l pa menm reflechi, li vole nan kou nèg li, li sere l fò nan bra l kòmsi l pa t vle kite l chape ankò. « Ou se batman kè m, pandan nwit sa, absans ou pèmèt mwen dekouvri sa kè m ap chèche vrèman e se ou kè m vle. Pa kite m, pa pati lwen m paske kè m ap sispann bat ». Li depoze bouch li sou bouch pa l, anyen pa t ekziste ankò pou li, li t ap bwè pi bon dlo an, li t ap viv pi bèl vi an, li te nan bra nèg  li. -Fanm lan vyole m Therèse.

-Kisa w ap di konsa, Marco ?

-Wi, li vyole m, li krache sou men, li derespekte m.

Thérèse te pran yon ti moman silans. Bagay yo te melanje nan tèt li.

Pa di m ou kouche ak manzè Marco ?

Marco pa t reponn, li jis voye je l sou minòt lan ki t ap trennen sou kabann lan, yon fason, an silans, pou l te di li pa t gen chwa.

 -Men… Men… bagay sa enposib, sa w ap di la ? Kote w konn tande fi vyole gason ?

-Poutan se sa l fè m.

-Eske w te rèd Marco ? Jan m konnen w jilèt sa, ou pran kont plezi w la konpè. Ou sèmante tonnè kraze w ou pa p kite bouboun. Kounyeya ou gendwa wè se te konplo w ant ou menm avè l la wi.

Thérèse te kòmanse santi l nève, li pa t ka konprann  mòd pawòl Marco t ap ba li yo. Misye paka vin pouse l bout pawòl vyòl sa. Pandan tout nwit lan, li te pase l nan enkyetid pou misye, poutan li menm se plezi l li t ap pran, se voye l t ap voye ti dlo. Marco depoze yon men sou li, li tante rale kò l men marco sere l pi di epi li rale l vin sou li.

-Li banm minòt cheri, li menase m ak zam, li boure kilòt li nan bouch mwen san m pa bay konsantman m, se pa paske m te rèd pou panse m te pran plezi oswa m te aksepte. Chak katrè di maten, m toujou leve ak peni m rèd kou ke makak men sa pa vle di se sou bagay m ye oswa se yon plezi kò m ap eseye pwokire tèt li. Fanm lan fè m kouche avè l, m pa konn ki maladi l genyen, li koupe m san kapòt ankò. Fòk yo ta tou pase lopital lan al gade si manmzèl pa fè vye maladi. M pat vle vre non Thérèse. Nan moman an la, m santi m… sal. Fò w pa wè m kòm yon senp gason, wè m tankou yon moun ki pa merite pou yo fè l sibi nenpòt bagay. M panse sa ap ede w vin moun tou.

Thérèse pa t konn ki repons pou l te bay. Marco gen rezon l pale konsa, men apre tout sekous sa yo li fin sibi an tou li menm fòk Marco te atann li t ap krake kanmèm. li pran men nèg li an, li depoze l sou vizaj li : « mwen avè w kounyeya, ou pa bezwen pè anyen »

Yo pran chimen deyò pou yo, te gentan gen yon lodè kafe ki t ap flote nan lè an, libète kache toupatou sou ti bout zile sa. Marco respire sant lan jouk nan fwa mou l, se kòm si l te apèn ap reviv. Thérèse tou t ap reviv aprè pil tribilasyon li sot pase yo. Pandan l ap sòti, je l tonbe sou fanm lan ki te nan bakòp polis la. « Gyèt manman w, salopri »

Li pa t konn lè l te di sa, men Linda jis gade l epi l ri : « m koupe l m koupe l nèt ».

Epi l odasye met dèyè l. Thérèse pran nèg li epi pandan l pral vire do l ale, je l tonbe sou Rachel. Li te fin bliye si l te la, telman evènman yo te rive rapid e desizyon l te pran yo se te desizyon moun tèt cho. Rachel  ba l yon bèl akolad, akolad li toujou fè efè akasan fè sou li lè l ap glise desann nan gòje l. Se konsa l vire pou l gad ti jèn bway lan ki te fè moun preske pèdi yon moso nwit. Lè je l tonbe nan Marco, li jis pa t ka kwè sa l te ye. Gadon tenten ! Pou ta di se li vre.  Sèn sa te sanble ak yon kat je kontre manti kaba. Ki manti ankò ki ta pral desann kilòt li pou laverite pran pale menm ? Ki lòt koze Marco t ap kache l ? Franchman li pa p ka pran yon jounen konsa non. Sa k ap pase ak de moun sa yo ? Antouka li kwaze bra l pou l tann repons. Fwa sa l ap resi tire wòch paske l paka sipòte yon lò

Rachel te pran tan pou l te pale. Marco gentan met de men nan tèt, je l te bese tankou se chen yo di pati. Lè l resi jwenn vwa an li di :

Se pa… Se pa ou menm m te di m t ap fè kale nan vil lan poutèt foto toutouni yo Carlos ?

 

 

 

 

Ayayay ! Saaa se yon lòt istwa…

FIN


 

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

17 commentaires
  1. Lorvencia dit

    Trop fière de toi petit frère…!

    1. Naketie Stanis dit

      Felisitasyon
      Se original,creatif. Se yon sujet tabou nan peyi nou men se byen pou gen jeune ki osé konsa nn peyi nou.
      Encore une fois bravo.

    2. Sophamandie dit

      Wouyy ou pata bloke plezim konsa Eder. Kot res istwa menm ?

  2. Tekyla dit

    Bon travay brother??
    Anpil odas nan chwa ekspresyon yo !
    Nan yon lang ki aksesib a plis moun pa bò isit !
    Ou dwe konn sa deja, men ou gon kout plim serye pouw ekri ewotik??

  3. Shaii dit

    ??????????

  4. Johana dit

    I’m in love with your writing.
    Bon bagay.

  5. Tyty dit

    ?????????

  6. Daphney dit

    Wowww kout plum ou yo jus magic, bravo

  7. Samenda dit

    Fen an two bèl ?
    Genle se Therese yo vle touye nan istwa
    Malerez la poko menm al lakay li sou plas li pran yon lot sezisman.
    Bravo Eder……..
    Degaje w,enspire w epi map tann yn lot story

    1. Eder Apollinaris Simphat dit

      Sa ap vini. Sa ap vini.

  8. SloggyM dit

    Fin???
    Fin???
    Antuka m’damou istwa a
    U pap janm sispann epatem Eder!

    1. Eder Apollinaris Simphat dit

      Mèsii

  9. Jean Edouard dit

    Anh konsa poto bay nan histoire la , mouvman gros film 1 sorti 2 pap janm sorti comme suite Llollll

    1. Eder Apollinaris Simphat dit

      Film #2 an w ap fè l nan lespri w. M ba w pèmisyon pou sa????

  10. Mahma dit

    Felisitasyon.
    Anpil moun te panse kòmandan tap fè rèv li yo yon réalité..
    Antouka chef Linda très odasyez..
    Li koupe ti tonton an li koupe l net

    1. Eder Apollinaris Simphat dit

      Mèsi Mamah dèske w patisipe nan bèl avanti Linda an

  11. Vasthi dit

    Oh li fini 😥😥😥

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.