Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Se pa pou dat #3

2 8 769

(…) Sou lanmè,pwèl ou tounen vwèl

nan syèl, yo tounen lakansyèl

Tou swè l tankou limyè zetwè l

Ay! Cheri, lè janm ou louvri

Branch pwèl ou

Ou pa ta di yon rak bwa

Georges Castera

 

 

 

 

 

Rachel te gentan pase nenpòt tranntwa  rekòt kafe konsa. Li konn lavi, li gen eksperyans e li te konn vil Senmak byen. Li pa t yon fanm yo t al chèche Bokozèl ke yo mare vin met travay pou moun nan lavil. Li te pitit yon gro zouzoun ki t ap degaje l sou waf la. Li te lekòl kay mè. Li te kominye nan legliz katolik ki te kole kole ak gran prizon an. Tout moun te ka wè aklè koman demen tipitit sa te gentan byen planifye. Se swa l te tounen yon doktè oswa yon enjenyè. Yo t ap fè plan tou pou li pati men se pa t yon ide ki te twò fè papa l plezi. Tout bagay sa yo se te byen konte mal kalkile, tout malè ka rive w lè kote w gade pa depase pwent nen ou. Eben Rachel te gen yon vye defo ke l te pran swa bò fanmi manman l swa bò papa l. Li te renmen ti plezi li anpil epi depi w tande wikenn rive, fòk manzè degaje l kou mèt jan jak jwenn yon ti kòb pou l al boule nan disko, sitou K-pè Yoyo, nan moman an ki t ap krache dife. Menm si manman l te konn ti manèv sa yo ke l t ap fè an kachèt lan li te deside fèmen je l sou yo depi pitit li toujou pot bèl mwayèn pou li lekòl.

 Depi w gen lajan, zafè w ap mache byen, tout moun ta renmen zanmi w, sa se yon bagay ki pa yon sekrè pou pyès moun. Rachel te yon referans pou medam kay mè yo lè se pou depanse, fè lòbèy. Epi li menm tou te panse l fin rive. Premye baf ke l pran se lè yo revoke papa l nan tra vay li pou yon zafè koripsyon. Dezyèm baf ke l pran se lè ti gason kay frè an, nan epòk kanaval ranje kò l pete nan pwèl li. Se bagay ki fè gwo bri nan vil lan jiskaske Sè ki te direktris nan lekòl lan pou moman te met manzè deyò. Rapid vit yo trennen li al sou pwent Boulva, on ti jan pi wo Lekòl Frè yo, kay yon doktè ki te bon nan zafè jete pitit. Manman l vin tonbe l mouri, e papa l tonbe nan bwè alkòl, twalèt sou li, jiskaske yon maladi mete l chita yon kote.

Se konsa fanmi te kòmanse lage l, zanmi pa t sou pete ba l santi, jiskaske l al ateri sou estann K-Pè Yoyo.Kòm si lavi an te anvi griyen dan l sou li. Kote l te konn depanse kòb, fè gran penpan, tounen kote ki ap ba l manje kounia. Yon bawo fè vin zanmi l, se sa ki akonpanye l chak swa devan piblik li, se li ki ba l manje, se li ki konprann ki doulè ki genyen nan kò l, k ap fè kansè nan lespri l. Se nan moman sa yo tou li konn sa yo rele twotwa a. Se la tou li konnen tout degre gouyad ki ka fè yon gason rann tout sa l gen nan pòch li.

Rachel toujou tande moun pòtoprens ap di ke fanm senmak chaje maladi, sitou pou ti bèt la. Rachel pa t malad osinon li pa ko janm santi l pa anfòm on fwa depi l ap fè madebap lan. Petèt se kèk vye fanm jalou ki fè kouri bri an jis pou anpeche mari yo vin tranpe bannann yo chak wikenn. Dayè, manzè toujou fè kou l konnen pou l toujou wè doktè pou evite atrape vye enfeksyon nan bouboun paske jiska prezan se sèl bwa ki kanpe rèd dèyè bannann li.

Apre kenzan li fè ap kontinye pran frap nan men lavi akoz move chwa ke l te fè, li rive fè yon djaspora tonbe damou l, damou fou. Chak mwa, savon « Irish » fè kenken lakay, san konte dola vèt pou l kenbe yon ti biznis li gen sou tèt mache. Lavi te rekòmanse souri ba li. Abitid se vis, se pa bagay yo ka retire lakay ou ditou. Pa gen K-Pè Yoyo ankò, plezi sa yo te fini nan vil lan, men te gen lòt kote kote jèn ti mesye yo ki sou fè galantri yo toujou mennen mennaj yo.

Se pandan l ap domi konsa, nèg li te dèyè do l ap wonfle tankou se moflè machin ki kolboso, lè telefòn li sonnen. Nimewo Therèse monte, li te gentan inè di maten, lè an kouri vit tou, talè an la li te sot fè yon ti lanmou. Siman manzè rele l pou l bay dat pou l al chache kòb pèpè li dwe l yo.

« Bonjou Therèse, ou genlè pa wè kilè li fè la, ou rele m pou di m vin pran kòb lan ? »

« Anh e pa pou sa w rele m eben ban m rakwoche m fini. »

«Talè, sa w ap fè nan lari an poukont ou a lè sa ? Tèt ou pa bon, Vil lan tou deja gen bagay dwòl k ap pase ladan l »

« Kisa ? Sa w di m la ? Tann mwen, tann mwen, m ap vin chèche w

Therèse ka dwe l se vre men se yon zanmi li kwaze nan moman detrès li yo, li paka kite l konsa nan mitan lari an a lè sa. Li souke mari l lan ki t ap wonfle. Li fè l leve pran machin lan pou l al chèche zanmi l lan. Jan l konn Therèse se yon fanm ki kapon.

***

Ant zam lan ak minòt la, Marco pa t pran twòp tan pou l te chwazi. Tou dosil, de bra dèyè do, l ap gad fi an ki kòmanse ba l yon cho toutouni. Nan lòt sikonstans, li te ka gentan pete chèn ki mare men l yo epi tonbe vide zouti sou li. Li pa konn kote sèpida sa sòti. Lide di l pa fè l konfyans men l pa konn pou koulout li. Se sèl bagay ki toujou sòti pou l antrave l nan jan de sitiyasyon sa yo. Wi li konn sa byen gason gen de kote ki toujou reflechi pou li, sèvo l ak grenn li. Se anpil metriz pou yon nonm arive devlope pou l pa koute sa bout anba l ap di l fè. Youn nan gwoup gason ki toujou fè kwè ke yo metrize sa byen se moun ki legliz yo. Men li menm Marco, li pa t konnen l te bay Jezi lavi l e menm si l ta bay Jezi lavi l li pa t ap kite l pran koulout li.

Li santi fi an te sou sa vre. Jan manzè aji an se tankou yon moun ki t ap planifye moman sa depi byen lontan. E bagay yo te kòmanse klè nan tet li arestasyon sa pa t yon bon arestasyon. Se te ti van sa marengwen te bezwen pou l te tou fè wout pou lagonav. Fi an plake de men l sou lestomak li, zong manzè te tankou grif malfini, jan yo t ap kouri sou po l lan te fè yon kouran pase sou tout kò l, la menm tout plim sou li leve kanpe. Kouran an  te kontinye ap mache pandan ke polisye an pa t sispann karès li yo sou pwatrin li. Epi je manzè rete sou li fiks kòm si l ap tann kilè vizaj li ap trayi emosyon l. Marco te komanse ap renka kò l dèyè, yon fason pou l te chape anba karès pyèj sa paske l santi l te mele tout bon vre. Men se komsi l te leman e fanm lan yon bout fè. Fi an pase l pye l sou li epi chita sou senti l, sa tou fè l sonje ak yon mouvman konsa ki te fèt yon ti jan pi bonè nan sware an : Therèse. Epi bridsoukou li santi l  komsi li t ap mache sou epeng ti tèt, yon doulè ke l pat janm resanti avan makonnen kè l nan yon pwen ke l panse sa t ap tou rete yon fwa. Sware sa t ap sware kote l t ap devwe l nèt bay fi li renmen anpil pandan l pran desizyon kite vi lib li t ap mennen an. Li konnen se yon fwa difisil li te pran, paske gason pa janm kontante l ak yon sèl twal, tout tan l ka taye lòt l ap taye lòt, se konsa lanati kreye l, se konsa Bondye vle l ye , men li te deside fè efò e reziste.

Bouch polisye te gentan pran pwent tete l daso, lang li te kou yon toupi ki t ap fe gwo ravaj nan zòn frajil  sa. Tout tan manzè t ap netwaye l ak kout lang, li t ap glise men l desann nan pantalon l tou. Se te yon ekspè ki konn sa l ap fè an. Se komsi tanperati chanm lan monte yon sèl kou, Marco te santi l cho nan tout kò l sitèlman li te vle retire rad sou li e se sa menm fi an te vle.

Dayè li pa menm tann pèmisyon Marco, li desann pantalon an lagel anba jenou misye, li rale jilbriyis lan ki te gentan kòmanse ap pran ekstansyon. Fanm lan file lang komsi l te devan yon manje ki gou anpil ke l pral devore rapid vit. Men Marco te komanse ap fè l mal, fòk li chanje pozisyon, tout kò l t ap bay dlo. Manzè fè yon ti bese tèt li, ouvri bouch li a mwatye (Marco te gentan wè ki entansyon, li gonfle tout venn nan kò l) lè manzè pran yo ti rekil epi l di :

M te panse w te yon afè wi, jan m tande ou pa jwe an. Zouti an mande tretman toujou.

Wont te kouvri ti jennonm lan menm moman an sou kabann la. Li te ka gentan  pèdi fil si apre pawòl boule sa yo manzè pa t tou rantre tout afè l nan bouch li. Se rete Marco rete li wè senti l ap dekole sou kabann lan al jwenn vizaj manzè. Kout lang fè mikalaw, kout lang fè lawoulad, lang mele ak dan t ap fon travay nòmal. Tout dis zòtèy jèn gason te griyen sou kabann lan. Li tonbe gouye san l pa rann li kont, san l paka gen kontròl ren l. Men l te kontinye ap fè l mal e l te santi yo kòmanse senyen. Li te anvi pete minòt lan pou sa pran tèt ti madmwazèl lan epi peze l plis on fason pou l ta pran ni òtdòg ni 2 grenn ze yo avè l.

Men tou sa te kò l ki t ap reyaji, lespri l te vle sa fini nan moman an, li te bezwen voye rapid yon fason pou fanm lan sispann pran kò l pou sa l pa ye : yon bagay pou fè pou bagay. E li te santi l prèt pou l voye, li bouje ren l plis pou akselere pwosesis lan, li te toupre pòt paradi, pòt delivrans lan, li te santi spèm lan ki t ap kouri monte al chita nan senti l jis pou l tann lè pou l sòti. Li te preske voye lè…

Bridsoukou…

Fanm lan kanpe sèk, li retire nan bouch li yon peni ki te klere tankou masuife 2 janvye. Peni an te kontinye ap bay kout tèt pandan likid lan te frennen sèk nan senti l. Si men l pa t mare, li t ap mete toulède nan tèt li. Fanm lan gade l fiks epi l di l :

Ou genlè panse m ap kite w voye san w pa fè m voye anvan ?

 

***

A dezè di maten, yon machin t ap kouri nan mitan wout Pivè an, li te fènwa kou lank, nan ti vil sa EDH ak Blakawout te kòkòt ak figawo, moun nan vil lan konn wè sa rele limyè an katrèdtan pa jou sèlman e dèfwa yo konn fè mwa pa janm wè sa ditou. Malgre sa yo pa janm di anyen, se yon ti vil poze, tout moun poze, tout moun bese do yo, akoupi, epi ba yo senyen yo. Machin lan ta pral kase tèt sou ri Louvèti, pase devan legliz katolik, file desann mete vwal pou komisarya. Rachel te anndan machin lan e li t ap mande dyaspora l lan pou l fè pi rapid toujou. Yo te gentan pase pran Thérèse ki te chita deye, san di yon mo, ap kriye de ran dlo. Yo te oblije kite machin lan kote l ye an, yo selman pran pyes enpòtan yo epi asire yo yo lòk tout pòt.

Thérèse te rakonte Rachel sa k rive l lan e premye konsèy manzè ba l se desann komisarya an al mande de ki prevyen. Li pa t twò renmen lide an etan done li menm kote ki gen chèf a zam li evite pile zòn sila. Men Rachel  te yon fanm otoritè, li fè de rèl nan tèt li epi menm kote an tout bagay rantre nan lòd/

Rachel di l li gen yon moun li fè konfyans nan komisarya an ki ka ede l jwenn kot Marco pase, kisa l fè pou yo arete l nan sikonstans sila.

Dyaspora an li menm t ap kondi machin lan tou boude, li te gen yon domi ki te fè po je l anfle e men kounia fanm yo bay pou Rachel vin lage l nan won ak yon zafè lapolis. Tout sa li te bezwen li menm se te yon kabann ak yon zorye pou l ka wonfle an pè epi fè ti rès jou l yo aprè pou l met vwal nan peyi fredi an.

Komisarya an pa t gen anpil ofisye ki an sèvis. Rachel rale telefòn epi l fè yon nimewo, li di de twa koze apre sa l rakwoche. Apre kelke minit, yon polisye soti vin jwen yo nan machin lan. Se pa t yon bèl gason, li pa gen wotè e ta sanble menm cham li pa genyen epi watadi se yon polisye ki nan liks tou paske men gwosè vant li. Rachel desann al pale avè l pandan l ap fè koudèy tanzantan kote Therese te chita nan machin. Apre yon ti tan, li retounen nan machin lan ak tout polisye an fwa sa.

Therese, m ap prezante w kòmandan Job. Kòmandan Job m ap prezante w Therese. Se li menm ak menaj li an ki sibi vyolans polisye an.

            Yo bay lanmen, Therèse pa t twò ka pale, li pa t sou pale tou, li santi flach yon telefòn vin frape nan vizaj li, sa fè dezyèm fwa pou nwit lan. Lè kòmandan Job wè figi ti dam lan, li te plise fwon l epi vizaj li te tankou yon moun ki t ap reflechi. Pou l te ka retire dout nan lespri l, li mande :

Se… se pa ou menm m te wè nan restoran sou pivè talè an ak ti jennòm lan ?

 

 

(A swiv…)

 

Eder A. Simphat

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

2 commentaires
  1. Orll dit

    Mrenmen jan wap fe lank lan senyen an, felisitasyon Bro. Map tann suit la.

  2. Mahma dit

    Si l te bay Bondye lavi l li pa t ap ba l koulout li?.
    Felisitasyon Eder.

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.