Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Se pa pou Dat #2

1 5 501

Si w fenk klike sou istwa sa, konnen sa se dezyèm pati li an, si w bezwen pi byen konprann, retounen nan lis atik nou yo epi chèche tit sa: Se pa pou Dat.

Yèswa li reve l desann yon kilòt. Se sa k fè depi m maten yon souri disèt lajè te plake sou vizaj sou li. Depi lè li antre nan komisarya an, li tonbe salye tout moun li kwaze sou wout li, komanse depi sou machann pen a ze ki te blayi zafè l yo lòt bò lari a kote l te pakin machin lan, rive sou nèg ki konn gen abitid netwaye twalèt anndan an. Se ak yon mizik Karimi nan bouch li, li ouvri pòt biwo pou kòmanse fè travay leta peye l pou l fè an. Li te gentan ap li plizyè dosye konsa, lè l sonje li te bliye manje maten an, lestomak li tankou yon alam katrè di maten, tonbe gwonde watadi se yon motè ki fòktòp. Fò l degaje l al mete de ze nan vant li anvan l travèse kot Tiya a nan chen janbe a.

Li sòti nan lari an, solèy lan fè l tenyen je l pou yon ti tan tèlman sa te klere, Vil senmak te gentan byen reveye, taksi moto tribò babò te pran lari an pou yo, tèlman gen ti jèn ki lage kò yo nan ti djòb sa, ou gen enpresyon gen plis moto pase moun. Yo toujou a tout boulin lè se devan komisarya an y ap pase, sitou sa ki pa an règ yo. Sa ki pa pase a tout boulin lan asire li gen ti bwas nan men l pou l lage nan men polis yo pou si yo ta kenbe l. Chofè moto ak lapolis pa nan zanmitay, pou nenpòt ti krik ti krak ou tande lapolis met men nan pat kasav yo epi sa w tande an tout lòt yo te gentan sou fè manifestasyon, bay lapolis plis brimad. Men pou di vre, yo ini yo trè byen sa ki pa tèlman fèt nan lapolis lan.

Sa k fè kè w kontan konsa maten an kòmandan ? Machann ze an te oblije poze kesyon sa paske se pa nan abitid chèf lan pou tout trannde l deyò konsa.

Machè Rita, se yon bèl rèv m fè yèswa ki mete m nan eta sa ou wè m la maten an.

Mezanmi chèf la, ta sanble fò w ta byen manje pi souvan.

Non, non, se pa byen manje ki mete m nan fè bèl rèv, nou poko tonbe ba konsa anfas lamizè menm si peyi an pa tèlman bon. Se pito yon fanm k ap domine m.

Ohh, ayayay ! Depi w wè sa madanm ou ap fè bon travay chèf la.

Non, non Rita, podyab madanm lan. Ou pa p konprann tou. Jis kontante w gade m k ap souri.

            Se menm moman an, yon taksi moto vin kanpe dirèk devan komisarya an epi l depoze jèn ti polis fi sa ki debake tou lòtrejou nan vil lan. W a bèl tou. Rita voye je l, pandan l t ap dekoupe pen an pou l met manba ladan l, pou l gad Kòmandan Jòb. Kòmandan an te pèdi nan fanm lan, souri li te tèlman blayi, Rita te gen lenpresyon li te ka konte chak grenn dan chèf la, e jan bagay yo ye la ta sanble kòmandan an te gen plis ke trannde an.

Chèf la m konprann trè byen wi, Rita fè yon ti ri nan gòj, m pa kite vi gason twò lontan, m konprann byen lè lòlòj yon gason vire pou yon fanm ki pa madanm li, se nan sikonstans sila tou traka madanm lan tou kòmanse.

-Sa w ap di konsa Rita, antouka degaje w banm ze an pou m ale.

            Yèswa li reve li desann yon kilòt e se pa t kilòt madanm li. Depi lè ti dam sa debake nan komisarya an, li te santi tout fistrasyon l t ap eseye kenbe fè yon sèl monte sou kè l. Madanm li ranje kò l li fè senk pitit. Malgre li te pale l pou l fè planing, men manzè ranje kò l al okipe pastè legliz k ap di l planing pa fèt pou kretyen. Rezilta an se nenpòt senk ti bouch anplis pou bay manje, bouboun pèdi angrenay e li kòmanse pa santi menm filing yo ankò lè l ap fè lanmou.

            Chèf Linda annik debake epi se konsa li kòmanse l santi l yon lòt jan. Se kòmsi li retounen jèn gason ankò, yon flanm dife leve anba vant, bagay sa fè depi l wè l, li te gentan sou fè bagay. Zafè k gade madanm li. Fò l plimen ti pou l sa kanmèm.

***

            Sa te gen konsa di minit anviwon depi polis lan te ale avèk Marco. Therèse fè tout di minit lan menm kote an san l pa bouje yon ti dwèt tèlman l te sezi. Se lè l tande yon chen jape byen lwen li sonje ke l te byen ta e l pa konn kondi machin. Li kòmanse tranble kou yon fèy bwa. Li kouri antre anndan machin epi li lòk tout pòt. Se lè l fin chita li rann li kont li pa t byen monte kilòt li sou li, li tèlman t ap prese.

Li gade adwat agòch tout sa l wè se fènwa. Kijan malè sèk sa fè al rive l la. Nan kisa Marco t al foure kò l pou lapolis gentan met etikèt sou do l. Kisa l te di li t ap aprann ankò ? Wi, li te fè l konnen ke l te nan lekòl dwa gonayiv men sa fè kèk tan li pa t met pye l lòtbò an ankò. Li pa gen twòp fanmi osinon li pa kwaze ak anpil, sèl manman l ase li te konnen e se nan telefòn li konn pataje moso pawòl ansanm avè l. li t ap tann yo franchi yon etap ki pi serye nan relasyon pou l sa kòmanse konn plis sou fanmi ti bway. Li pa t twò sou moun paske manman pa l toujou di l mefye l de fanmi gason. Se pandan l chita ap reflechi an li rann li kont jan gen anpil bagay li pa konn de nèg li an. Lè misye t ap koze avè l li te plis vle ke se misye ki pou chèche konnen tout bagay de li, dèfwa li konn menm ekzajere  nan fòse ti jènonm lan devine sa k ap travèse nan lespri li.

Li te konnen li t ap ekzajere men se te mwayen sa ke l te jwenn pou l te fè misye konnen ke l pa yon senp jwèt ke l ap vin fè ti-ta-to epi pou l vire do l. Menm si l konnen byen se pa sa ki solisyon pou rann yon gason fidèl. Poukisa tou pou yon fi ap chèche fidelite nan men yon gason alòske li konnen byen ke chen sa yo pa p chanje, jèm malpwopte an sanble se nan san yo li ye menm. Se lave men siye atè k ap fèt. Li menm, li pa gen pwoblèm pou gason fè tout kalite voksal sou li e li pa pral nan fè fas kare, ni fè kou pou kou. Tout sa l konnen lawouze  taye banda tout tan solèy poko leve. Jou li vle sa sispann lan, sa ap sispann byen pwòp. Li gen fanm nan fanm li pou sa.

Trant  minit pase kou yon van, Therèse te pèdi nan panse l toujou. Sanzatann, vizaj yon moun pase nan lespri l. Men se yon moun li gen lontan li pa pale avè l akoz de yon rès kòb li dwe l. La menm li rale telefòn li epi l fè yon nimewo. Zafè !

***

            Yè maten, li reveye yon men l nan mitan janm li. Sa men l t ap chèche la li pa konnen, li pa fouti di w. Yon rèv andyable kenbe l la jouk ba jou kase. Yon rèv kote ti bway li t ap rapousib lan kenbe l, depoze men sou li, epi tonbe frape l nan tout panno nan kay lan. Frape l pa pou fè l mal, men frape l pou leve frison sou tout kò l, sansasyon an te tèman fò, se komsi li santi prezans jennòm lan bokote l. Nan rèv la li wè l pran men l epi l depoze sou do afè l kote k gonfle gonfle an. Li te anvi santi dwèt li k ap fann anndan l pou l al pete sous dlo sa ki mande debòde. Se sa misye fè menm, li pa tann lontan pou l glise dwèt li antre, tankou se lè traktè ap fouye tou anba tè. Se nan moman sa menm li pantan nan dòmi an epi l wè l te gentan benyen kabann lan. Sa te fè l pase tout jounen an ap fredone mizik Amonik lan.

            Men jodi an, a inè dimaten, li kanpe ap gad nèg sa ki te vin vizite l nan domi pou fè l konnen malgre tout eksperyans li nan gason li pa p janm ka fin dekouvri mistè fè bagay ak sinyati Alsiyis. Nèg lan t ap gade l tankou li te on gwo kidnapè, malgre li te retire rad sou li pou fè l konprann entansyon l. Men sa pat anpeche nèg la te toujou kontinye wè l tankou yon babilòn ki sot frape l nan vizaj.

            Li rekonèt li pat dwe aji konsa men li te pèdi tout bon sans li lè l te wè lobèy ki te kòmanse fèt dèyè volan machin lan. Li te sipoze tape fi an tou, men li pat vle brize règ jwèt lan nèt sitou sa l fè an deja pa nan nòm lapolis. Li pa t deside retire minòt lan nan men misye, li pa p janm oze al mezire fòs li ak yon gason konsa konsa. E Marco te deja yon gason bèl pòtray.

            Li rale yon chèz, li mete l devan kabann kote jènnonm lan te blayi an, li sèlman te gen yon soutyen ak yon kilòt sou li. Epi se konsa, telefòn li tonbe sonnen epi se non Jòb ki monte.

            Li pa pran telefòn lan, lè l sonje kijan kòmandan an rive sou li maten an. Epi, sa pou kòmandan an fè l tou a inè di maten. Sa tou fè l panse ak sa k te rive l maten an. Li te tou nève lè l rive nan travay la, machin li pran pàn avè l e li te oblije fè pouse l lage l nan yon garaj Pòtaygèp. Li te sètoblije rantre nan komisarya an sou moto pandan l te  fè mekanisyen an konnen ke l ap retounen pran l nan pita. Jòb pa menm tann li di lakou an bonjou, li rantre sou li aj fòs tankou se siklòn Matyou. Depi sou jan misye tonbe souri ba li e fè l ti je dous lan li te gentan konnen li ta pral ba l yon move bèk. Epi nan prese kòmandan an pat menm gentan souke yon ti dlo nan bouch li, kwen dan li te chaje ak ti boul jòn ze.

            Li tanmen ba li eksplikasyon devan dèyè de yon rèv ke l te fè kote l ap desann kilòt. Si l te konnen se yon tanga ki sou mwen nan moman an la ! Epi mouche an gentan gen senk pitit, se bosko l ki fin mouri li bezwen resisite sou li. Linda gad misye nan je epi li di l : « jou w gen malè fè rèv sou mwen epi pèdi jekwazandye w vin di m sa, m ap fè bal nan dèyè w e m ap pot plent pou ou pou agresyon. »

Chèf la, ou pa oblije kite minòt lan nan men m toujou si se pa anyen m fè. Marco te fè yon ti soulve tèt li pou l sa pale ak kidnapè li an, li kontinye pou l di : Si w bezwen manje kann lan byen, fò w asire w ke w byen depoze l anba dan w, pou l pa chire po bouch ou.

            Chèf Linda gad ti jèn bway lan ki t ap fè literati epi l ri.

M pa fè w konfyans, li reponn li.

Eben chèf la, si se pou sa m pa p ka bay bon sèvis vre.

            Chèf lan pran yon ti moman an silans, san l pa bouje yon pli nan vizaj. Sa ki te fè kè Marco bat fò paske l te pè pou l pa t fwase madanm lan, pou bagay yo pa vin pi mal pou li.

Ok, si m ap retire minòt lan fòk zam la bokote m si w pa dakò, m paka fè anyen pou ou, w ap ret jan w ye an.

 

Li sa tou>> Ilegal #2

Eder A. Simphat

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

1 commentaire
  1. Mahma dit

    Se pou sa machin ak vit tente yo se sa nèt ?
    Si n te nan youn kòmandan an pa tap janm wè mirak ki t ap opere

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.