Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Gide gidon lavi w

2 1 634

Gide Gidon Lavi w

Si n pa leve pou n grandi

Y ap leve n men se pou n devlope

Nou grandi sou pawòl malè grandizè Gide

Lè n a sezi n, n a wè se pa wòl yo n a pran gidon n gide

M leve nan yon wonn kote m pa nan sèk pyès moun

Pouki youn pa veye sou lòt menm si lòt pa konn youn

M bay tèt mw chans ak tout opòtinite

pou m pa pèdi wout destine, mwen desine l

Move eksperyans kraze vi n jouk zenglen l blese n

San preparasyon n konn ap pare kou britsoukou

Fay ak so n pran ka fè n panse se karate

Pèp sila s on reskape, nan zye lèzòt s on ka k rate

Ann motive pou n pran bonè pou sib nou

Menm lè malè lage de gidon san fren, san fen pou l sib

nou

Menm lè vi n ap soupire nou p ap gaya

N ap trennen san n pa gaye

Ann sousye de nanm nou k ap fin souse

Ann chwazi Gide gidon an, pito se ak tèt nou nou kouri

tout risk

Olye n tante tete tenten k ap pase tankou touris

Konfyans ou fè moun pa t janm ekskli kontwòl

Gratitid mwen touche syèl menm si wotè m ta kanmarad

zache

Antre nan lit la bò konesans ak libète

chèchè konn esans lavi jis pou n kapab li bèlte l.

        Lire aussi >>   Fanm, Kreyòl epi pwen                

    Julysse wilkenson                                     

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

2 commentaires
  1. Loup-Vens dit

    Bèl kout plim 👌🏾

  2. John Sylfrain dit

    Mwen renmen bèl sijè sa freo e kontinye travay okay freo

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.