Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

MADANM

0 573

Madanm,

pouki w pè leve tèt gade lorizon

Ou ki plante lespwa nan tout sezon

Ou se mache chèche k ap bouske mòso biskuit

pou tchovi yo pa domi san soupe

Souke kò w madanm

pa neglije kwaze lepe

Ou se nanm ki pote swen

flanm ki tenyen nan tout bren

Ou se fanm!

Fanm lawouze

Fanm masuife

Fanm tet kanntè,  je koud sou kwabosal

Madanm,

Yo rele w madan Sara paske ou kriye mizè w

nan chante

Ou pote chay ou sou tèt ou

san kanpe

San tranbe ou sele chwal

Ou travèse granchimen

Ou tann wòb ou sou rivyè gòch

Nan pla men kalamite, ou kenbe tete gòch

Sen Nikola konn madoulè w, kòmè…

Ou se Deyès

Legba louvri baryè lese pase

Madanm rantre nan palè w

Gouvènen n ak kò, nanm ou

Epi lapè.

FLANM NANM

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.