Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

De mo twa pawòl

0 724

« De mo twa pawòl van pote ale

Yon kout kouto

Yon kou sezi

Yon gwo zoklo nan mitan yon tèt kale bobis anpiyanp ban m ti kal ladan…

Yon ti bo sou tèt bouch anvan pye w chape

Yon tonbe san parachit

Yon tonbe san leve

Yon bèl kalòt sou bò dwat

Èske bò goch ap vire?

Yon ti zwazo yo fizye twò bonè pou plen vant tafyatè

Yon jwèt bay kou ki vire toutbon

Yon fraz twò lou pou di 

Yon laviwonn bò dife

Yon vè lanp cho arebò yon tab

De timoun k ap kouri pye atè

Yon lasisin ak piman bouk

Yon alkòl sou maleng

Yon blag nan antèman

Yon miwa nan fènwa 

Yon sekrè sou granri

Yon so dlo nan yon panyen pèse 

Yon chante moun renmen

Yon chante moun pa renmen

Yon mache sou trèz

Yon pile katòz

Yon pwovèb nan yon lang moun pa konnen

51 rèv nan yon sèl nuit

Yon kèplen

Yon kimeledada m

Yon lawouli

Yon kòd gita ki kase

Yon fo pa nan yon dans

Yon pete kouri

De paj liv ki kole

De fraz mal ekri

Yon tonton Bouki

Yon konpè Malis

Yon kouri monte

Yon kouri desann

Yon limyè yo etenn

Yon koridò jennen

Yon vòlkan k ap bay lafimen 

Yon dlo k ap bouyi

Yon plant yo rache

Yon papye ki tonbe

Yon silans ki twò long

Yon vid… »

Kite m an repo m, powèm mwen an pa oblije gen sans

                                              n’winzikayote

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.