Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Si yo pa gentan kòche m

0 2 300

Si yo pa gentan kòche m !

Pandan m ap eseye retire grès ki tonbe sou ti kaye « DOMINIQUE » chifonnen m nan, m tou distrè (Do…do DOMINIQUE yeah ) m tap esaye trap, lol ! Vrèman non sa sanble ka pi byen pase sou on « beat » pase devan yon jij. Sa m ap di konsa mesye ? Sèlman timoun 90 yo k ap konprann, epi m kontinye. ( m ap detire) wouy ! Fatig! M fenk sot sou beton an la epi m te tou pase pran on pate pou jounen an kot madan Kolo a. M pa renmen ekri, men lè m wè entèl pa t menm ka jwenn on dènye ochan sou kadav li, paske yo pa t ka demele l ak fatra yo t ap lage nan « Fòs komin » ( on espas nan kat jewografi leta pou sitwayen ki pa ka peye taks, sila rèv yo twòp pou yo, kokorat… Tout sa k pa itil !), m te tou gen lide pran bann ti kaye vid mwen yo, kaye ki te rezève pou bèl nòt anba djòl pwofesè save depi dantan fakilte a, ( se sa m te kwè antouka, jiskaske m vin konprann m pa t ap bezwen yo piske yo pa janm vini ) pou ekri listwa lavi m.

Sou beton an se lari a, si w pat konnen. Bon, m pa konnen poukisa yo ba l non beton an, genlè se paske li RÈD. Wi vre, solèy cho, nan plen midi, pousyè, m ap desann soti petyon vil a pye, direksyon FDSE, m te gen de zèdtan prefak m te dwe bay kèk timoun ki panse apre 4 lane inivèsite yo pral byen pase! Tchuipps! Kòb kamyonèt mwen pa t fin rive, Bondje pou mwen m te lejè kon pay apre m fin al jete nan bwat leta kou prive yo, lo « CV » ki t ap toupizi m nan, m jis pran beton an epi m jere tèt mwen de sachè dlo pou pèp. An pasan, ti lè sa se lè tou pou m pwofite devèse sou ti djèdjè yo tout pwa fristrasyon m! Ti moman kote w ka pale tenten jan ou vle yo trè presye pou nèg tankou m kap vannen van. Men tou, m sonje RÈD se koulè san angle. Ta sanble se Sa ki fè beton sa « amelyore » tou : san inosan sèch pi efikas pase Siman Nasyonal la pou kole sab ak gravye twonson riyèl yo bay pou wout yo. 

Beton an tou vle di espas ki rezève ak pèp la pou l revandike. Menm si nan fim nan se yo ki toujou mouri, sa pa anpeche ti espas sa toujou lib pou resevwa kòlè yo. Tankou la, si yo pa gentan kòche m, demen lè konsa m ap anndan manifestasyon, pou mande jistis pou de ti jenn tankou m, yo boule pou dan  griyen, mande yon souf pou kidnapin tribòbabò, elatriye. Antouka, sa pa twò gade nou si yo p ap reponn nou, depi m jwenn de twa patnè m la nou fon sèlfi, lage l sou « face » ak « insta » la, jwenn kèk grenn like, epi degaje nou rantre anvan lapolis lave lè a sou nou! 

Anfen beton an se simityè. Se la vòlè ak kòl voye vòlè ak zam chante antèman ti jèn yo, machann yo, chofè yo sou ochan bri Kalach Nikòv oubyen AKA 47 sou pil fatra yo kòm jèb.

An pasan, m oblije kòmanse konn non kèk manch paske Nan « game » nan ou pa bezwen fè efò pou nèg isi tanpe w ! Yo toujou di ou pa konn kilè w ap mouri, men mwen m konnen depi m mete pye m sou beton an m deja mouri, paske m gentan tanpe: m gen po nwa, m jèn, m a pye, m rete nan geto ( pòtrè pafè kobay pou politisyen). Pou fè fim nan pi bèl, kounya yo deside antre nan kay tòl la vinn kòche w! 

Si m pa jwenn kouran gratis, lekòl ak lopital gratis, m pa jwenn manje gratis, poukisa se lanmò nou deside ofri m gratis? Tankou ti etidyan ki te soti nan fakilte a, ki t ap pase devan kèk polisye grangou, ki chwazi fè l kado yon bèl grenn bal nan tèt nan plas konesans li, paske li sanble ak yon swadizan bandi. 

Ala bèl sa ta bèl si anvan yo kòche m, youn nan yo ta banm on ide de senaryo a ( m ta di yo ekri l, men podjab,yo pa menm konn li !) anvan santans mwen. Konsa nou te ka diskite pou n rann fim nan pi bèl: tankou eksplike m ki pozisyon ki te ka fè m pi byen pou m pran bal la. Ou pa janm konnen, m te ka tou pwopoze pou kadav mwen pa ta bezwen sikile gratis sou rezo sosyo yo ak afich (R.I.P) apre pou leta (si yo ta jwen ti rès lan) ta banm dènye ochan sa kòm tchala : « l’enquête est ouverte /se poursuit ». 

Annatadan kouran 24/24 la, m ap prese gentan konkli avan bajou kase. Piske m pa ka di l fò (kretyen ke je swi, epi se ladesant yo ban mwen) banm ekri l an hashtag : #KLGM leta!!! (Ça fait du bien!) M pliye ti kaye a, N a kwaze demen si Yo pa gentan kòche m. 

Lire aussi >> Plenn nan Kè

 

MNS Inspiration

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.