Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Se pa pou Dat #4

6 6 499

Fò w te li pati 1, 2, 3, pou w rive konprann pati sa.

 

 

Kèk èdtan avan ensidan an.

Lanwit gen yon jan l blayi kò l nan vil lan se yon bagay ekstraòdinè. Solèy lan anvan l mouri pafwa konn kite yon dlo je wòz ki lave vizaj lanati yon dènye fwa. Apre ti dlo je sa, ou mèt atann ou fènwa pral blayi sou ou rapid vit. Jounen an te chaje nan komisarya menm jan ak tout lòt jou yo, kòmandan te resevwa de (2)  jounalis ki te poze l kesyon sou zafè kèk militan yo te arete nan manifestasyon tou dènyeman an ki pa ko janm jwenn liberasyon yo. Li te  jwenn yon bout pawòl pou l te lage nan mikwo jounalis sa yo ki t ap fouye zo nan kalalou zafè lapolis. A vrè di li pa t menm konnen kiyès yo te arete nan manifestasyon an menm. Fòk li ta pale ak ajan ki te an sèvis jou an pou l pase lòd libere yo paske li pa p ka fè tout vi l ap reponn kesyon sou koze sa. Leta pa peye l ase pou l ap fè tout defans sa yo pou li.

Pou fè pi kout, jounen an te ranpli ra gagann. Madam li te rele nan fen aprèmidi an pou l di l pou l pa bliye pot pikapoyo pou timoun yo anvan l rantre. Depi w gen pitit se konsa, ou toujou gen yon kòb w ap depanse. Esa ki fè anvan l rantre lakay li an vè zòn nevè edmi yo  konsa, li pwofite fè yon ti pase nan baz li Ri Chavàn kote l kale de twa blag avèk zanmi l.Se toujou yon gwoup jèn gason, chomaj rèd nan mouda yo, espwa sou kont zanmi ou fanmi aletranje, fyète yo chita nan yon grenn byè epi pase tout lasentjounen ap pale fanm mal. Men aswè an zafè nèg yo pa t bon menm nan yon pwen se li ki te distribye byè an bay chak nèg. Li fon trant minit konsa epi li lage pye l.

Dizè diswa, lari senmak te prèske vid, pa t gen kouran, yon blakawout lèd kou koukou te pran chak kwen vil lan ann otaj. Sa te rann tout moun pè ret ta nan lari, ensekirite an t ap vale teren tankou se jenn gason sou pye kokoye. Menm lapolis te pè ret nan lari tèlman yo konnen jan yo sible. Yo tonbe anpil, yo mouri pou dan griyen, kòd etik lapolis pa t ba yo dwa pou yo tire revanj yo konsa konsa. Se sa k fè yo te blije panse ak tèt yo avan. Yo abandone popilasyon fas a zenglendou ki te sòti pou wete lajwa, bous ak lavi. Li monte ri Savanatou dwat epi l al tonbe sou tèt Pivè, toupre granri, li kase volan l sou bò gòch li, li diminye nan vitès lan paske restoran an pa t twò lwen epi se te youn nan ri ki toujou gen sikilasyon ladan l menm si w tande tout bagay.

Li voye je l agoch adwat, fènwa a te deranje l. Se nan yon peyi machòkèt moun ap viv, leta pa vle pran responsabilite l anvè sitwayen yo se sa k fè li redui moun yo nan yon eta ki toupre ak sa bèt ap viv. Li menm antanke kòmandan li te santi l enpisan. Yon bon poul boukannen t ap degaje nan lè a, yon ti mizik swa t ap eseye retire kèk moun ki gen ti mwayen nan vil lan sòti nan reyalite an pou sa di pou yon ti tan y ap byen pase. Plis moun li jwenn nan lè sa, se te anpil jèn nan vil swa ki ap travay, swa ki nan inivèsite pòtoprens ki mennen lòt zanmi yo vin gad kisa vil lan devni. Si yo te konnen Senmak lontan an…

Je l tonbe sou yon koup, men nan men, ki t ap pran lang nan figi yon bèl pla bannann ak griyo. Alèkile lajenès pa gen respè pou lye piblik yo, yo fè tout sa yo vle nan figi moun, san yo pa konnen si gen de moun yo ka choke. Li pase kòmand li epi li fon ti kanpe sou kontwa an ap gad kèk anons ki t ap difize nan youn nan gran ekran yo. Se konsa pandan l te voye je l ankò sou koup lan, fwa sa youn t ap met bannann nan bouch lòt, je l tonbe sou yon moun, touswit kè l kòmanse bat fò. 

-Mwen m panse ou gentan rantre lakay ou lontan wi chèf  Linda.

Se sanwont ki nan kò l ki fè l oze adrese fanm bèk fè sa lapawòl, maten an manzè menm te menase l l ap tire l si l gen malè fè rèv sou li ankò. Men lè jenn gason poko ka goute sik anba kilòt, li oblije rete san nen pandan yon ti tan. Se sèl Bondye k konnen kijan yon gason ki lage pèlas nan kò w, ki pwomèt tèt li l ap kouche w kanmèm, jan li pa dekouraje fasil e malonèt pa fè yo pè.

Linda pa t pete ba l santi, men li te chita li t ap fikse jèn ti bway lan ki t ap bay mennaj li lanmou nan fè ti jwèt filalang ak bannann. San yo pa ba l pèmisyon, kòmandan Job rale chèz li epi l chita anfas Linda.

-Alafen, ou tounen yon pongongon pou mwen, w ap fè tout bagay pou m voye w sou kabann lopital pou madanm ou.

Job fè yon ti souri, li renmen lè fanm yo vyolan konsa, lè yo montre yo pa pè chay, yo pa pè gason, li gentan imajine fanm sa ki chita sou afè l epi k ap bay seri de gouyad.

– M pa t ap gen pwoblèm pou donmaje m men fò w konnen se pa sèl mwen ki t ap pral pote plent, kabann nan tout t ap pote plent  paske menm li menm t ap donmaje. Linda, poukisa w ap repouse m konsa ? Kisa pou m fè pou w fè rèv mwen yo tounen reyalite ?

– Ou tounen nan koze rèv sa ankò. W ap nève m tonnè.

Linda frape de men l sou tab la, tout moun vire ak yon ekspresyon meprizab sou vizaj yo men lè yo wè se te de polisye, tout moun retounen byen trankil kontinye regle sa yo t ap regle.

Ou bezwen konn kisa pou w fè pou rèv ou yo reyalize ? Eben reyalize pa m yo avan, tounen nèg sa epi w ap ka plimen m jan w vle.

Job fè yon voye je l, li wè jennonm ki t ap fè womans ak mennaj li an. Franchman misye te pi byen kanpe pase l. li santi yon dlo si sou lestomak li, la menm li santi l ta kenbe sa li pase l kèk bon kout mouda zam. Li paka konprann kot misye soti pou l vin mete l nan mitan li menm ak objektif li.

Yo rele l pou l vin pran kòmand li te fè an. Anvan l leve, li gade Linda pou yon dènye fwa epi l kuipe. Manzè te tèlman pèdi nan lòt nèg lan li pa t menm remake sa menm. Job monte machin li, lè l rive, li jwenn tout moun te gentan dòmi, li reveye madanm li, li lage plat manje an nan men l. li fè l konnen aswè an l ap domi nan komisarya a. Li te tèlman nève li pa t anvi pase ray li sou pòv malerèz lan. Bouch kòmandan Job te men longè dèyè volan an.

***

Se te yon soulajman pou Therèse lè kòmandan an di l l ap ede l jwenn nèg li an. Men kè l pa t poze pou otan. Tout sa l te anvi se te wè ankò vizaj Marco k ap souri ba li, li tèlman renmen wè nèg sa lè l ap souri, kè l fonn.

Kisa k rive l nan moman yo la ? ki kote l ye ? ki sa l ap fè ? eske l ap panse avè l ? eske l gen espwa ? Kijan lap jwenn li ? sou pil fatra jan sa konn abitye fèt lè yo fin ekzekite yon moun ? osinon si l jwenn li vivan èske l ap jwenn li ak yon vizaj defòme, eske l ap pèdi frechè fizik li te genyen an ? tout kesyon san repons sa yo te plen tèt li, e sa te fè l kòmanse ap fè yon bann ale vini nan lakou komisarya a. Rachel tap suiv li de lwen, diaspora a, mari l lan pa t konn afè moun, se wonfle l t ap wonfle dèyè volan an. Dayè misye pa t vin ayiti pou sa, li kite fredi blan an lotbò an se pou l te ka vin poze kò an, pa pou l nan monte desann nan twazè dimaten  ap kouri dèyè yon moun li pa menm rekònèt dayè.

Therèse t ap poze tèt li kesyon kisa l pral fè si se yon kadav li jwenn. Posibilite sa mete yon doulè o pwen li te blije kwoupi pou l jere move sansasyon an. Èske l a toujou renmen l si yo ta defòme fizikman tout sa l te renmen lakay li yo. se yon reyalite ki difisil pou aksepte, menm si w renmen yon moun jan pou ta renmen l, ap gen yon ti rekil kanmèm. Men li menm, li pa t bezwen konnen si sa t ap fè l plezi ou pa, se chalè kò l, li te bezwen santi. Se gou bouch li l te bezwen pran, lodè pafen li l te anvi santi.

Rachel ki te komanse enkyete l pou li, vin leve l atè an, li anbrase l, yon akolad ki te gen anpil chalè, tandrès ak pwoteksyon. Kijan rachel fè pou l konnen se sa l te bezwen nan moman an ? yon bon zanmi ap toujou konn sa k bon pou ou, ap toujou chèche tout mwayen pou l rekonfòte w e pa kite w sel nan pwoblèm ou. Li pa t rantre nan lojik gen yon bon zanmi, li te konsidere chak relasyon amikal sou yon plan diferan, li pwofite de sa relasyon an ka rapòte l sou divès pwen. Li pa janm ouvri kè l konsa bay lòt moun sitou pou fi parèy. Yo gen yon jan yo trèt, jouda, wangatè. Li pa fè fi ase konfyans pou l ta lage bwat sekrè l ba yo jere. Se sa k fè sa l bezwen lakay moun lan li jis pran l epi sa rete la. Men aswè an, li konprann li te bezwen yon bon zanmi, erezman, lanati te fè l jwenn youn sou plas. Li sere Rachel pi fò toujou.

Malgre tout defo yon moun, fò w toujou gade sa l gen lakay li de bon yo. Si yon moun ap gad sou pase Rachel, w a kondane l la pou la, san lodyans, w a panse se pi move moun ki gen sou tè an. Men tout eprèv manzè pase pa rann li vin pi mal men li rann li vin pi moun. Soufrans gen yon jan li rafine lèzòm, sa ede yo konprann aklè soufrans pa lòt moun. Yo pi sansib men pèsòn pa fèt pou soufri.

Se konsa, yon sware ki te sipoze pi bèl moman nan lavi l tounen nan yon ti tan yon kochma. Li tonbe kriye.

***

Bwa l te kanpe rèd tankou se militè nan pòs. Fanm lan te gen yon anpriz, li te kenbe l tankou se te pa l. Apre sousad sa li panse l t ap tou rann sal gen anndan l, men fanm lan pa t vle l vini, fanm lan pa t vle libere l. fanm lan te sousa toujou. Si sa kontinye, se pa selman peni l k ap soufri men tout pati nan kò l sitou pou men l. Men l pa t janm ka konprann poukisa, sa l ap fè la ? Sa k mete l nan pozisyon sa. Men polisye an pa t vle ba l repons, tout sa l te gen nan tet li se te pwofite de kò l, de bwa l, de jèvrin li. Fanm lan kanpe sou kabann, erezman, li resi deside lage bwa l. jan l kanpe an, li te gen yon vizyon sou tout pati nan kò l, li te gen bèl kò tout bon vre, plen vyann jan tout gason ayisyen renmen yo. Je l tonbe sou kilòt li, si se te nan yon lòt sikonstans se li t ap gentan kole dan l nan bonbon gonfle li t ap gade an. Men la, li te pè, bonbon an  bèl se vre, li te ka toujou koute ensten gason l. Kole dan l ladan l paske nan lespri tout moun gason pa janm gen anyen pou pèdi lè se pou bagay ki konsène fi a gason.

Sa moun yo pa konnen, yon gason gendwa pa pèdi diyite l, li gendwa pa pèdi tit jènjan l men li ka pèdi yon bagay enpòtan ki se sante l. Li pa konn dam lan ni an pent ni an penti, li pa konnen ki maladi li pote. Men pou moman an, li pa gen kontwòl sou anyen k ap rive l nan moman. Li konplètman esklav de sa manzè vle nan moman an.

Youn nan bagay manzè te vle se te koupe misye. Li kòmanse retire kilòt li dousman, kòm si l t ap degaje teren an pou misye ka al fè gòl. Li gade l nan zye, sa l ap cheche an li pa wè l, li plis wè krent, doulè ak panik, men sa pa t gade l, se tèt li l te vle fè plezi, se anvi l li te bezwen pase. Li te bezwen goute nèg sa yon fwa pou tout. Li pase pye l sou li, li kenbe bwa l epi li oryante tèt lan nan bouch vajen l. li te kontinye ap gade misye nan je. Li fon ti apwoche pou l ka bo l, men misye detounen tèt li. Li paka kwè pou yon gason ap refize l konsa. Gason pa konn refize fè bagay, se yon bagay li klè sou li. Gason toujou sou fè bagay e sesi ak nenpòt fi li kwaze, se sa l t gen nan tèt li, li pa t janm konnen gason te konn fè kapris, se premye fwa l tonbe sou youn. Li kenbe l anba babin epi li fòse l gade l nan je. Li pran kilòt li an epi li foure tout nan bouch jènnom.

Lè l chita sou bagay lan, tout kò l pran fremi, li kage tèt li dèyè epi ren l tankou zonbi nan toubiyon kòmanse manifeste sou jennòm.

Van fre twazè di maten pran manzè sou bwa Marco, k ap monte desann, yon seri de gouyad deranje, yon seri de kout ren deblozay. Swè t ap koule sou kò l telman ou te ka panse se benyen l sot benyen. Li glise yon men sou do vajen l jiskake l jwenn yon ti bouton, epi l kòmanse woule.

A twaze di maten. Katye an te san souf ak bri alsiyis manzè.

***

Kòmandan Job te gentan fè ti ide l kote mouche yo arete an te ka ye. Yon sèl kout fil l ap pase epi l ap jwenn tout sètitid lan. Chèf Linda gentan vyole plizyè lwa nan yon sèl nwit e se ase pou yo ta kofre l e fè l pèdi grad li. Job gen pouvwa pou li senpman bezwen drese yon rapò epi pran desizyon ki merite pran. Se konsa tou yon ide tou piti jèmen nan lespri l. li fè yon ti souri epi l fwote men l. L ap resi fè tenten an mache.

Li rale telefòn li epi l rele manzè. Li pase 3 apèl nan kenz minit, manzè pa reponn youn. Se swa li gentan domi, se swa li ap regle bagay ki dwòl e li pa deside reponn kòmandan an. Misye vin gen yon lòt ide, L ap voye yon mesaj ekri ba li, se la li pral konnen si manzè ap domi ou pa.

« Linda, mwen konnen sa w fè an, mwen konn kote w ye, mwen konn kiyès ki avè w, si w pa vle vin jinope w tankou vakabòn jis lakay ou, si w toujou sansib pou ti travay ou an. Ou konn sa pou w fè deja. Jis di m wi, epi m ap jere tout bagay: deplasman, lokal…

 

(Suiv toujou…)

 

Eder A. Simphat

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

6 commentaires
  1. Lorvencia dit

    Mw pa ka tann #5 la non
    Kòmandan Job sanble ap resi fè manzè Linda mache…
    Bravo Eder

  2. Samenda dit

    Ekri suit lan vit Eder
    Istwa two bel,chak pati w fin li fe w anvi li res la

  3. Salina Placide dit

    #Se pa pou dat la lit OK?????
    Eder, kontinye f travay u ak plum majik ou a tnde… ??
    MP tann 5 lan ak raaaj??
    #team Rachel?

    1. pergolayiti dit

      #5 lan ap vini nan yon ti tan ki pa twò long.
      Envite lòt zanmi w li tèks yo

  4. Mahma dit

    ????.
    Bravo
    Bravo bravo.
    M renmen jan w prezante vil la . janw exposé réalité a.

    Mwen twouve Marco rezizte…
    Anpil lòt gason pa t ap fè l..
    Yon twofe pou jènjan Jòb

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.