Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Bouch kont Men

2 645

Bouch kont men

Jodi a m panse avè w anpil wi.

M t ap reflechi sou sa ki fè m paka di 

Sa m santi

Jan m santi l lan

Petèt se edikasyon m ki lakoz.

Mo yo konn anpile nan gòj mwen

Yo konn fè mas nan sèvo m

Poutan m paka mete yo deyò.

M t ap chache solisyon pou pwoblèm sa

Epi m vin sonje lè m ap ekri

M pa gen pyès baryè.

M santi m ka di tout sa m panse.

Pandan m ap travay sou bouch mwen

M ap pwofite fè men m pale.

Nan je kèk moun gen mo ki sal

Poutan lè yo nan tèks 

Yo di yo ewotik.

Bouch mwen ka pè sal

Men men m pa p pè ewotik.

Ou mèt pare w frè !

Tout sa m santi yo 

Kòmanse jodi rive demen

M pral pale tout avè w nan langaj pa m.

M ka pè pale men m p ap pè li sa m ekri

Kidonk m pral fè ekriti tounen pon

Pon ki kole mwen avè w.

Sèl sa m pa swete 

Pou pawòl mwen yo 

Pa ba w pwoblèm ou paka jere

Paske se ou ki te vle m pale.

Icka

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

2 commentaires
  1. EV007 dit

    Se la tout bote pwezi a Icka…
    Ekri sa w santi
    Jan w santi l la…
    Tou rèk ak tout enpèfeksyon l
    Kite l travèse w ☺️😊

  2. n'winzikayote dit

    Ô Icka!

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.