Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Plenn nan Kè

1 2 069

E si tout bagay kòmanse tonbe

Tankou veso ki mal chita nan panyen

Pou detache trip nou ak kote kòd lonbrit nou

Ap lalòz ak yon seri de rèv ki kache nan mitan vant

Krich n ap lonje pou n mande tikal  lacharite

Lacharite kisa ? Kiyès ?

Lacharite fè m soufri depi lè li volè ekzistans mwen

Dlo je m nwaye nan soufrans nanm mwen ap sibi san pale

Pandan souflèt lamizè ap defigire m

Moun mwen ye an, moun mwen te ye an,

An miyèt moso

Ap tonbe kraze  tankou se biblo sou bifèt

Gwo mak zong lèzòt chire lestomak mwen gwo midi

Kale l tou lanvè bay solèy

Yon solèy ki pa gen pitye pou kretyen vivan

Ki pa gen pitye pou rèl do m ki koube k ap chèche ti moso figi m

Ki dekapote, dechalbore, tankou se lè w mouri Lasalin

Sou tèt fatra anba djòl kochon

Mwen leve je m nan syèl lan

Je m tonbe sou montay yo, montay yo fè wonn mwen

M ap tann kote sekou m ap sòti

Sekou rive nan wout, li wè se mwen

Li tounen tankou se lèt bèf ki kwaze ak twòp van

Laperèz kouvri m, mwen poukò m

Lavi griyen dan sou mwen,

Lanmò pare pou l makonnen avè m

Figi lanmò se labou,

Se wòch ki monte grenn pa grenn nan mitan ravin yo

Lanmò se zòt ki pete figi m

Ki kraze l anba talon pye l

Lanmò se zam k ap chante twopikana katrè di maten

Anba po m

Lanmò se lè lavi m depann de bal mawon.

M ap pèdi moun mwen ye an moso pa ti moso

Mwen leve je m mwen gade

Mwen se youn pami plizyè figi kraze

Tèt pete, rèv drive tankou se bouzen

Ki blayi afè l pou twotwa pile, banbile

M ap chèche doulè jouk kote l ye an

Pou m wè si l te ka fè m santi m moun

Doulè mèt chire m pak an pak

O mwen m ava kriye pou zanfan yo

Pou sila  ki pèdi rèv yo

Sou fwontyè

Nan mitan ravin

Nan gran chimen

Nan kafou rezistans

Nan tete manman yo

M ava kriye pou kadav ki fin tounen paswa

Nan riyèl Mati nimewo San

Pou kilòt sè nou yo k ap desann ak vyolans

Pou wout nou yo ki pa konn kote pou mennen nou

M pa p rele, m ap kontante m de kriye

Lè w rele pa gen moun ki tande vwa w

Krich nou plen ak manti,ak salopri,

M pito kriye

Paske lè m kriye se lè sa m santi m ekziste.

Lire aussi>> Bri Mak Kò w

Eder Apollinaris S.

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

1 commentaire
  1. […] Lire également>>Plenn nan Kè […]

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.