Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Li te antre san fè bri

1 1 348

Li te antre san fè bri

Li chita bò kote m toudousman

Nou toude tèt bese 

Li touche men m 

Li mande m pou m padone l

Mizik la kòmanse

Li pa mande m si m vle

Li konnen m pral danse

Li se yon bon aktris

Li fè m kwè l timid

Li tann mwen fè premye pa a 

Li kenbe men m

Li suiv mwen

Se li k te fè m tande mizik sa a pou premye fwa

Anfèt m pa janm tande l pyès lòt kote

Se li tou k montre m dans sa a

Paske anvan m pat dezòd konsa

Li gade m nan je 

E se konsa l anchene kè mwen

Li mete men l nan men m

Li konnen m esklav li

E m pa fouti revòlte

Se li k envante jwèt sa a 

E ladan l m pap janm genyen 

M pap janm soti

Pandan yon moman m kite mizik la karese mwen 

E m espere l ap kite m karese li

Li pwoche 

Li fè yon ti souri kwochi

M souri tou

M te vle di yon ti koze nan zòrèy li

Men li di m: »Fè yon ti tann, m ap tounen »

Pou l ale li pat mande m si m vle 

Li konnen m ap aksepte san goumen 

Se konsa l te fè yè 

E l ap mande m pou m padone l demen

                                               n’winzikayote

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

1 commentaire
  1. Widmayer dit

    Enben wi, n abitye ak yo konsa ; n aksepte yo konsa.

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.