Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Sa ki nan nou lòt yo pa wè

0 4 986

Nanpwen lannwit ki kapab kanpe

Anfas koulè nanm ou

Ou se yon moso fènwè ki bay

Zetwal ki pèdi chimen syèl la

Yon rezon pou yo pa etenn

Chak mwen gad nan je w

Se tankou m te kwaze bab pou bab

Ak de siklòn ki vle m pliye mete jenou m atè

Pou m sa renmen sa ki nan ou pèsòn lòt pa wè

Yo etenn limyè w, men ou pa bezwen pè

Vin kouche nan bra m ak tenèb ou

Kite m chofe kè w ak dife pwent tete m

Lè w mete men w ak bouch ou sou po m

Mwen konn santi w ap tranble

Men cheri pito w kriye pou w sa mete deyò

Regrè, lapenn ak kòlè ou yo

M ap seche dlo nan je w

M ap panse plè ou yo

Si w vle n ap pale de sa ki fè w mal

Si w pa vle tou, n ap fè lanmou

Men silans ou p ap fè m sispann anvi

Renmen w epi konble sa ki vid nan ou

Cheri se nou de lavi kraze

Men si w vle nou kapab mache, chèche epi sanble

Moso kè n ak moso nanm nou pou n fè pil la fè yon sè l

Pou n sa renmen sa ki nan nou pèsòn lòt pa wè…

Li sa tou >> Plenn nan Kè

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.