Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Kwonik yon fristalè: Dèlma

Bò Dèlma

1 3 995

Dekò a senp, majorite  wout yo fèt .Ki wout ? Hum!

Pandan m bò televizyon an, de je m ban m: yon pil bak fritay aliyen, enstalasyon pèpè, yon dividal mayo foutbòl, boutik yo youn kole ak lòt san  konte ajan lameri k ap kraze kivèt ti machann.

Ann desann ! Kafou Ayopò, Delma 2, Delma 4, avyasyon…Woy! nou nan VAR ! Mèt peyi yo p ap  ba nou chans rive pi lwen.

Dèlma se yon kontras, se yon seri imajinè paske rich ak pòv kontre. Katye ki swadizan elitis yo gen konfigirasyon lamas, vise vèsa. E la, li pa twòp bagay pou wè yon machann pate k ap debat ak yon ekip kliyan kap mete l cho, ki prèske fin fè li fou nan fè diskisyon pou  kiyès ki te la anvan. Antouka, gen yon lafimen bòz k ap bat mwen paske pi ba a, anfas ti bank bolèt sa map gad la a, epa kleren ak sigarèt sèlman yo vann.

Vakam machin piblisite, ajan maketin, nèg k ap vann tibikòs ak ti mesye krèm mayi  yo anpeche aktivite yo dewoule  an silans.

Street lan cho. Kèt mesye !

Fòt pakin, pwopriyetè klas mwayèn yo gare sou twotwa a, chofè moto menm ap fè linèt nan eseye double kamyon pou evite blokis ; kòmkwa yo gen demi bous nan mòg. Se chak jou Bondye mete  m ap konstate frè sa yo k ap  jwe  ak lavi yo. Mèwi, mil goud  se yon pakèt afè depi  se pa nan yon ba  ou rantre avè l. Kwè m !

Selon tout evidans, pri atik yo tèt nèg, watadi yo te gen lò flite sou yo. Te m machande tenis Jordan sa. E touye ! Tenis  pa konn chè konsa !

Atè a la, ou gen anpil chans pou w kwaze ak atis, ti mannken, jounalis ak divès lòt kalte pèsonaj enpotan  nan sosyete a. Men  tou,  ou ka  « pull up » sou nèg ak zam, nèg ki sou kou, nèg k ap bay gidon elatriye… tankou ajanten ak plizyè jwè k ap fè kaka si w konn lè Benzema tande bri  Piqué.

Aranje w ti jèn ! Isit la a rele  Dèlma !

 

Kwonik yon fristalè

@Apotheose 97

Tout dwa rezève©️

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

1 commentaire
  1. NORMEUS John Kimberly dit

    Kwonik yo vrèman enteresan,,,Se tankou m te nan realite yo pandan m ap li tèks yo,,,,Atchaba towo

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.