Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Ayibobo

1 1 553

Kisa ?

Kisa tonnè ? Kiyès ou ye ?

Ayibobo ayibobo !!

Nanm mwen soti lwen, n ap flannen tout kote

Chen vire chen desann chen ale

chen paka jwenn sous Pou l bwè dlo.

Ay! Fout manman mwen !! Kote nou rive la ?

Sa k santi konsa ?

Ban m ri nou !! Nou santi chawony !!

Gade figi nou gade nanm nou.

Bèt pi byen pase nou.

 

Lire aussi>> Fanm Kreyòl epi pwen

 

Ayibobo ayibobo !!! Manchèt se tchaw Tchaw

L ap fè sou zo kolòn do nou,

N ap vibre anba soufrans, tèt nou pati.

Nou bliye kiyès nou ye. Kisa n ap fè ? Anyen

Kote n prale ? Ankenn kote, nou pa deplase !

San vide, zonbi leve,

Lougawou ap vole y ap mande vyann,

Y ap chèche vyann.

 

Ogou-ô ! Nèg gè!

Kanon tire, fizi tire

Nou pa pè la gè

 Ogou-ô ! Nèg gè !

N ap lite, n ap goumen pou anyen.

Koulèv la pase, l ap danse, li vire, li pantan !

Monte sou tèt krèk madanm blan

Mande l kisa l pote ?

Nou pa konnen,

N ap kantonnen, n ap paweze. N ap ri

Lanmò devan, lanmò dèyè,

Epi n ap tonbe tankou sak.

Sak pi di a, nou pa t janm konn viv

 

Lire aussi>> Se pa pou Dat #1

 

Ble ? Blemi

Jòn ? Kanni

Wouj ? Wouji

Bwa ? Nwasi

Blan ? Peri.

 

Siyonnen sou tèt mòn nan, na va jwenn Jistis.

Yo rache je n, kraze lanng nou,

Mare bouch nou,

Fè n pi mal pase chwal, epi n ap danse….

Nap rele anmwey doulè sa twòp pou nou.

 

Nou rele Lwa nou rele Lwa nan Govi

Yasou n pèdi, monte desann nan Zile,

Se siye bouch nou atè nou pa wè li.

Se krache n ap krache

 

Se fyèl nou n ap rann

Se tèt nou ki prale.

Se kè nou k ap pouri

Se kò nou k ap tounen zonbi

Se bidip bidip bidip !!

Kanson nou kraze.

 

Chwal yo ale, n ap peri nan silans

Paske yon jou nou te pèmèt !

Neïssah.D. Placide

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

1 commentaire
  1. Dominique St Vil dit

    Aïe fout, ou pale ak lwa nan tét mwen, text la pote peyi a ak jan nap viv sitiyasyon kriz san fen an nan tout kwen nan ków

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.