Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Ti Richa

0 155

Ti Richa 

M ap dòmi nan yon chèltè, sa pèmèt mwen pa nan peye kay ki se yon bon souf pou mwen. Jèn gason pa jèn chen, m pa rive la a pou m vini rete sou kont leta, m pran lari a an gran moun, nan lespwa m ap jwen yon kote pou m ka defann yon degouden. Nan mache, m tonbe Little Haiti, se konsa mwen al kwaze ak César, yon flannè ki te abite Kenscoff. 

Misye te souvan konn vwayaje e chak fwa li rantre Ayiti, li toujou mete dlo nan bouch tout ti jèn nan fason li te toujou abiye chèlbè. Men li te nòmal pou misye t ap byen vire, paske m te toujou tande se enjenyè li ye nan Miami, kidonk li t ap jwi rekòt efò li fè sou ban lekòl ak nan travay.

Se te gwo akolad lè nou kwaze. Malgre nou pat janm konn pale anvan sa, nou youn te kontan wè lòt. Misye te pwofite envite m al manje nan yon gwo restoran. Premye sezisman m se lè m wè se nan yon Makdonal nou ateri. M fè kòm si m pa konprann sa sa vle di gwo restoran epi m di zanmi an, m pa vrèman bezwen manje, se travay mwen bezwen, nan ki fason li kapab ede m.

Pawòl sa a te touche misye anpil, li te tèlman kontan epi fyè de mwen ke dlo te soti nan zye li. Li rale telefòn li, epi li pale ak yon moun nan yon anglè m pa fini konprann, men an aprè li banm bon nouvèl :

« Gason m, afè w regle! Ou se nèg ki mache sou bon pye w. Demen o pipirit chantan ou pral travay. M sot rele yon patwon la a, li dakò pou m mennen w travay demen maten. Lè m di li se moun mwen ou ye, li menm di m lap kòmanse w a 10 dola lè. Fòk mwen di w se yon dyòb 9 dola li ye. Ou konnen nèg gen kontak. Nap pran randevou devan restoran sa a demen a 6 zè nan maten. Map mennen w fè lajan ti jenn jan. »

M tèlman kontan, m rele anmwey, m sove! Si m te posede telefòn, m ta kòmanse rele moun Ayiti pou m di yo m prèske rich, yo mèt fè kredi sou kont mwen. M rantre nan baz mwen, m pa fèmen je m, map tann li fè jou pou mwen al travay. Chemiz manch long mwen, pantalon kostim mwen, soulye m klere pase miwa dè zanj, mwen gen tan kanpe devan « gwo restoran » an ap tann César. Dezyèm sezisman m se lè li rive, m wè li parèt ak yon pantalon abako chire, yon bòt jonn, yon ti mayo kèlkonk sou li. M pa twò rete sou sa, paske nèg la se yon enjenyè li ye, li danti nan peyi a, se li ki ka fè l. Mwen, kòm refijye, se pa manmèl m vini kontwole nan Miami, se lèt m vini bwè, map ranje kò m pou m tete.

Nou koupe wout pandan yon bon moman, jiskaske nou rive bò lanmè a, kote ki genyen bèl plaj, kote anpil touris ap boule lajan. Nou rantre nan yon gwo kay ki genyen plis pase 30 etaj. M poko konnen nan ki biwo m pral chita, men m gen tan renmen kote m pral travay la. Nou pran asansè, nap monte, lè nou rive nan dènye etaj la, m fè yon voye je m anba, mwen wè moun yo anba bò lanmè a tankou ti foumi.

Aprè yon de ou twa minit, César lonje yon bokit dlo ak fab ak de moso twal ban mwen, se lè sa a m konnen se vit « enjenyè » a mennen m vini lave. M pa di wayy paske se lajan m pral defann. Pwoblèm nan sè ke « enjenyè » a rete anndan epi mwen menm mwen pandye pa deyò ap fwote. Tèt mwen ap vire, van ap bat mwen. Lanmò ap gade m nan je, tout mòg nan Miami ap voye flè ban mwen, y ap tann kilè pou pye m chape.

Kòm Jezi se nan yon fanmi pòv li te sòti, li konn doulè malere, li pa kite m tonbe. M fè jounen an, mwen mande pye sa m te manje m pat ba ou, m pa janm chèche kwaze ak « enjenyè » a, ni m pa chèche konn pou konbyen kòb m te fè jounen an. Lajan sa a pap touye m.

M pran kou, men m pa dekouraje, pou m ka fè fas a lavi a, m lage kò m nan lave asyèt nan yon restoran ayisyen, kote yo te konn fè bon manje. Manje yo te gou, men si je w tonbe sou kijan yo prepare yo, si w ta rive konnen ke se nan menm basen kote yo tranpe vyann yo se la moun kap travay yo benyen tou, ou te ka pa twò enterese manje la ankò. Dlo cho fini ak po men m, men chimen travay pa gen pikan, m sere dan m, mwen mare ren m.

Yon ti tan aprè, m jwen yon lòt dyòb ki peye pi byen ki parèt pi fasil, men ki pi makawon ki se boule kadav nan yon mòg. Anvan kadav la rive nan fou a, li gen yon aparèy li antre, ki kraze tout zo mò a. Lè bri sa a rive nan zòrèy ou se kòm si se yon kamyon ki tap pase sou ou. Si m pa fou, se pa fòt travay sa a, sitou lè se kadav yon ti bebe, yon timoun ki rive devan je m.

Si w bezwen byen ak yon ayisyen kap viv nan dyaspora a, pa chèche konn ki travay lap fè. Wa sezi wè fanm ou tap file sou fesbouk la, ki tap voye w jete pou afè pa bon an, ki tap trete w de kokorat la paske ou pa t gen yon bout viza a, se kaka chen lap ranmase. Nèg ki te konn ekzije w rele l patwon, direktè a se nan leve bwat la li ye, lap mete ponyèt.

Li sa tou >>> Fanm, Kreyòl epi pwen

Tèks: Richarson Dorvil

Ce texte est supporté par The Laguerre Carlens Production, Les Ateliers de rencontres S.A  et VAGUE Magazine. Il fait partie d’un ensemble de texte dénommé ‘’ A Better narrative’’ visant à promouvoir une nouvelle narration de la vie haïtienne. 

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.