Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Kokorat

0 1 437

 

Souf kout
Lespri chifonnen
Konsyans debride , se non sa m pote
M se poto mitan
Chak kalfou
Leta manyen m
Li pilonnen m , chak jou bondye mete
M se kokorat lavi
M twoke souri , chak jou balèn mwen fini
M souri ak lavi
M souri ak ou
M souri poukont mwen lè lavi pa koupe m de bò .
Lespwa se nan chodyè m wè l
Lè grangou derasine m
Kokorat ann twoke mizè n
Pou de gouden .

                                              Minwi

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.