Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Kwonik yon fristalè: Minwi

Tèks 3: Minwi

0 1 261

Tèks #3 : Minwi



Je lalin nan byen klere. Pyebwa yo fin ajite, bon jan van tanmen soufle. San zabri yo blije koukouman kò yo anba seren an, li fè frèt. Baryè grannèg yo monte disèt wotè, fèy tòl kay malere yo menm prèske fin rache tonbe atè tèlman pye chat ak lòt kalte bèt ap fè laviwonn sou yo. Lougawou fin anpeche moun nan zòn lan dòmi. Lari a vid, katye yo sonb. Gen yon  silans simityè k ap renye sou vil la.

Bridsoukou, gen yon bri lejè  ki vin twouble klima kafou a. Li  ta plis sanble ak yon chen k ap jape. Sa l do wè la a ?

⁃ Papa Bondje wo o, Sen Nikola wo !

Sa a se yon vwa maskilen san  dout. Silwèt la rekonesab, yon tafyatè avanse ak on ti plat nan men l. Misye jete twa (3) kou kleren atè pandan l ap soryante. Selon tout evidans, asosye a ap mande pasaj. Kòm  li  fin ta, dwayen an  blije entèpele mèt kafou  pou wè si y a bal chans  pou l antre lakay li.

Lè sa pa lè timoun. Moun ki an koup yo gentan sou plizyè pòz. Nan chanm gason yo « à l’instant même », gen yon seyans laponyèt ki  apèn derape. Nèg ki te fè plan 12 goud yo disparèt nan ennbòks mwen pi rapid pase Flash. Mwen, m la m ap fè dènye lè a nan gade epi telechaje seri. Lèfini  tou, se a lè sa a yo J-Tripotay lage videyo freestyle  yo.
Sa klè, si m te sot kraze Sky FM  jou a pou se mwen ki premye kòmante vidéo m. Bèw ! Telefòn mwen vibre. Ta sanble m gen mesaj. Je m apèn tonbe  sou ti  nyoud on lady voye  banm. Nice! #tantasyonnètale.com. Bagay Samouraï nèt. Hmm ! A gwo epe !

Minwi se lè vèy de nwi. Se « momentum » prefere  jamè dodo. Nan bitasyon yo, se moman pou yo sonnen ason. E a lè sa zak kanbriyolay ak asasinay  posib. Si w  pa  gen ijans a minwi, lari pa pou ou ! Jwèt  pou bann chanpwèl, ajan sekirite ak jeran lakou. Se lè pou  mesyedam  PNH Yo fè « rondes de nuit. »

Lapèmanans dekrete sou tout teritwa nasyonal la .

Al dòmi kreyati ! Li minwi !

Kwonik yon fristalè

@Apotheose 97

Tout dwa rezève©️

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.