Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Douvanjou Lafimen

1 1 501

« Mare Vant Mweeeee, M Paka Sipote Ankoooo
Mare Vant Mweeeee, M Paka Sipote Ankoooo … »
Chante grangou nan vant, trip mare, lamizè ki bay bòkè
Bèl manman san zespwa, ki ap veye nan tou wòch si bout zantray pa li a ap travèse pa pòt la
Veye Priye anba Je Lalinn kap danse laviwonn dede ak lafimen k’ap monte
Lwi l’ glise , deplaye zè l’ li sou tèt Mòn menm jan gonm « Bannann » lan kole nan bouda Pèp la
Yon ti Peyi KajinKaja
Kote solisyon an se boule, kraze brize kou gen yon djòl pa gou
Paske si se pa sa
Sila ki anlè yo sa va gade w ki ap fe ti pye w blanch nan pousyè gran chimen
Yo sa va ri w’ k’ap kite kokolo tèt ou boukannen anba pase lang flanm solèy cho
Aprè Sila ki t’ap di « Banm bannann lan, swa fri, swa bouyi, swa nan labouyi » te sa finn tranpe dwèt yo disèt longè pou vote yon prezidan San Koutcha
Depatcha depafini fil pa fil: Gaz kole nan bouda Pèp la
 » Kite l’ ale, Pa manyen l’, Pa manyen l’ … »
Pri Gaz ap monte, Pri Kawoutchou ap desann, Lari ap fè Gonm, Katouch ap chante serenad nan zorèy zandolit
« Si ti prezidan an konnen l’ te monte pri alimèt la avan l’ te pouse mouche gaz monte … »
Li fout yo bannann lan tout longè nan fiftiwonn yo
Li brase l’
Epi l’ fè nou niche l’
« Se travay nou te pwomèt …
Se Travay n’ap travay »
Nonm lan pran san l’ pou l’ sa pase ti pèp la nan betiz
Antouka
Apa l’ chache travay bannou fè
Al boule kawoutchou
Kraze brize
Apre na pran san nou pou n’ vote yon lòt SanKoutcha ankò
Pou menm ti listwa a rekòmanse ankò

Ala Revwayou

#DaméusTiger

#Pergola

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.