Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Kwonik yon fristalè: Bò Katedral

Tèks 1

1 1 893

Kwonik Yon Fristalè

Tèks 1 : Bò Katedral

Ou poko  janm devlope sak rele  bon sans tout bon  nan vi w toutotan ou poko fè  wout bò Katedral. Bon dayè, se pi gwo  « enstiti syans kontak » peyi a. Depi w poko  pase  la, ou bebe  toujou, gen yon  may anplis ou poko  genyen. Kwè m ! Se la pou w jwenn on ekip gran spesyalis melanje ak on ta de « bèl Jwè » ki toujou  gen yon bagay  y ap ofri w san konte diferan ekspè nan depanaj.

An gwo, de gran lam de pwofesyonèl. Se dè nèg ghetto a valide; pami lèkèl : ti resan ki fò nan ranje telefòn, blòdè k ap brase moun, nèg ak kran ki p ap pè kondi avyon avèk lisans moto… Ah !  bagay fim nèt !

Lari!  

Nenpòt sa w genyen ki an pàn lan, desann avè l. Se sèl moun yo pa ranje anba a!  E la a ki gen moun toutbon, moun ki fè metriz nan delivre  fo dokiman, moun ki gen so tout anbasad ak lekòl ki pi prestijye nan peyi a. Brèf, nenpòt granmoun ka  gen  uitan depi  se bò  katedral li chwazi al  fè  pyès li.

Gad on ‘‘fake’’ Jordan !

Depi bò Madan Kolo, ou jwenn on sant labou k ap bat ou. Anba a toujou sal. Siyati bò katedral se fatra. Nan mitan tout kalite malpwòpte sa a, w al echwe sou lejand, yon pakèt manman ak papa  pitit k ap fè  fas ak lamizè. Efè miltiplikatè bò katedral la imans. Gras ak li, on pakèt gwo inivèsite peye. Se atè a kòb sòl jere, san bliye lajan eskont, prè labank, fèm kay, kòb pou  manje, elatriye. Se la  tout  kalite bras fèt.

Ou nan erè  zanmi si w al gen malè kite bòs la mete w kanpe kòmkwa li fon vire ak radyo w la nan men l sou pretèks li  gen  yon zouti li pral chèche. La a ou gentan pati pou de pyès manke, annatandan li rive sou ou paske  l pral  fè w peye  bèf pou po.

E pa  kote  ki jwe  non papa!

Menm kòmandan pran nan fo  iPhone. Lè w fèk sot an pwovens  menm e pi mal ! Yo plede melanje pafen bay ti  malere sa yo ak dlo.

Oumenm k ap fè  djòlè w gen lespri, mwen envite w vin fè  yon jounen ak nou. La a se yon sèk ouvè. Depi w ‘‘cool’’, vin vayb ! N ap tann ou. Vin manje aleken epi bwè ji zoranj avè nou. Gen san ak pen, yo vann bannann ak ze. Wadèvè sa w vle a… anba a pa chè ! Ak kenz dola w ap manje 

N ap kontan resevwa w anba pwela ak tant nou yo. Wi, vin achte tout kalte  liv, fotokopi CD, mayo ki gen de mak, konsa w a tou pwofite   machande  epi mezire  adidas kat ba nou yo, bèl adidas ki  foul ak ba  kòmsi yo te dòmi nan chaj.

Epa sa a yo sèlman: nou ranpli  ak sipriz toujou tankou fo  Timberland, Converse k ap twonpe w paske li ekri ak « W », “Rooter” ki pran de SIM, pantalon “jeans” ki refèt ak alilin, elatriye… men  se kou w vini n ap prezante w yo.

N.B. : Pa  gen yon  moun bò Katedral pa  bay on istwa pou l rakonte. Lojik lan klè: Moun  ki bon sou ou a jodi a, yo te bon sou li yon lè  tou. Si w kapab menm, fè foto l, imòtalize moman an. Paske lè li fin fè matyè sou ou, ‘‘trust me’’, ou pa gendwa  janm  wè figi moun  konsa nan lavi w menm ankò. Mande nenpòt abitye, l ap di w.

Alèz ou atè a depann de yon ‘‘fameux concept’’ :  may bon sans.  Li evidan, moun Bò Katedral gen plis  eksperyans pase Boukman. Ewa pou kominote sila a !

 

Lire aussi>> Chyendòm


@Apothéose 97

Kwonik yon fristalè

Tout dwa rezève ©️

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

1 commentaire
  1. Terminal-h2o dit

    Ne Boule’m sa son lòt vi💯
    Dpi’w pa pase la ou pko konn bras👌👌
    Bël Tèks mèsi pou Bël moman sa
    😇✊

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.