Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Ilegal #1

8 996

Marco te renmen jwe. Nou se te de byen jwenn byen knontre. Mwen renmen sa tou. Mwen kwaze misye on jou madi nan aswè. Mwen te apèn genyen 18 lane. Foli granmoun mwen te monte m, mwen te anvi ale nan disko men mwen pa t gen zanmi pou m sòti epi mwen pa te genyen bon relasyon ak gran sè m nan, ki li menm te plen zanmi. Se te nan mwa dawout. Mwen te fenk sot nan bakaloreya, mwen t ap prepare m pou mwen antre nan inivèsite. Mwen te sot pase yon jounen ap fatige kòm nan etidye, mwen te anvi detann mwen. Te gen yon ti ba restoran ki te fenk ouvri pi wo lakay la. Mwen te tande sè m nan di yo fè bon griyo la. Mwen te anvi verifye paske mwen se yon gwo fanatik vyann kochon fri. Lè mwen rive, mwen pa t pèdi tan, mwen te fè kòmann mwen : Bannann, akra, kochon, san bliye pikliz… Mwen ta pral byen pase. Mwen te chwazi yon plas byen diskrè. Yon tab nan kwen nèt. Epi li te lannwit. Mwen pa renmen twòp moun ap gade m lè mwen ap manje. Apre kèk minit, yo te pot yon asyèt byen chaje ban mwen :

Bonswa. Mwen ka chita avè w ?

Mwe te sou twa bout akra. Onètman, mwen ta pral di non, men lè m te wè ki moun ki poze m kesyon an, mwen chanje davi touswit. On ti tonton byen kanpe, byen abiye, tyas byen trase, bèl koup cheve te kanpe anfas mwen an. Sa ki te plis frape m se tèt djòl li. Aaaa, nonm nan te gen kichòy pou jenn fanm souse. Jan l t ap souri an te ka fè mò leve nan simityè, menm Grann Brijit te ka twonpe Bawon Samdi. Ah wi Marco bèl gason. M te tèlman distrè nan obsève nonm nan, mwen te menm rive bliye si li te mande m pou li chita ak mwen.

Lè ou fini wa di mwen si pou m chita ou pa.

Li te konsyan de efè li te gen sou mwen e li pa t jennen pou li tè fè m konnen li konnen.

Wi… Ou mèt chita.

Kè mwen t ap sakaje anndanm. Ti tonton an pa te koze, men li te gentan rive sou mwen. Li te rale chèz li chita. Mwen te panse se plas li pa te jwenn, men te gen plis pase yon tab ki vid. Se pa te maledve men mwen pa te ka anpeche tèt mwen poze li kesyon sa :

-Renmen ou renmen chita ak moun oubyen…?

-Koreksyon. Mwen renmen chita ak bèl moun.

Li te akonpaye dènye pawòl li yo ak yon klendèy epi li souri ban mwen. Si li te vin pou l touye m, li te prèske koupe souf mwen. Li ofri mwen byè, mwen te refize jantiman paske onètman mwen potko konn bwè alkòl. Misye te antame konvèsasyon an byen fasil. Malgre mwen te on tijan pa t nan nòmal mwen akoz de jan nonm nan bèl, li te reyisi fè mwen pale. Nou fè konesans. Nou pa te wè tan pase. Finalman nou te manje griyo mwen an ansanm epi rekòmande yon lòt. Lè pou nou separe, nimewo tonbe epi li fè m pwomèt li n ap rewè.

Marco gen senk lane anplis mwen. Se yon moun ki plen ak cham epi jantiyès. Nan mwens pase de semèn, nou te pwòch tankou de moun ki te toujou zanmi. Nou te konn pale de tout koze. Li pa te koze avè m, men mwen te konnen li pa te ensansib ak bote mwen epi kò mwen. M pa te ka met mo sou relasyon ki te gen ant nou an paske pou yon rezon mwen pat ka konprann, Marco te onjan rezève. Ann di pito l te anba chal. Li sa men an menm tan li pa sa. Mwen te pran plezi pwovoke li ak seri de foto mwen te konn fè espesyalman pou li. Se te yon plezi pou mwen li kòmantè li te konn fè sou jan li apresye kwis mwen ak tete mwen epi jan li renmen fason doukounou mwen boude nan kilòt mwen. Mwen pa te ka tann pou mwen kwaze ak Marco ankò. Men misye sanble pa te twò anvi sa. Se lanati ki te deside pou nou.

 

Li sa tou>> Se pa pou Dat #2

 

Sè mwen an renmen akeyi zanmi li lakay la. Paran nou yo te absan pou kèk jou. Manman nou te Sen Domeng epi papa nou menm te ale Okay pou li regle yon zafè tè. Kondi koze a : chat pa la, rat pran kay. Li te ka nan yon 10 zè yo. Sè mwen an te resevwa on ventènn moun jou sa. Menm si mwen ak li nou pa t twò alèz, kèk fwa mwen konn patisipe. Men jou swa sa mwen pa te twò sou sa. Mwen te nan chanm mwen mwen t ap li kèk dokiman toujou pou preparasyon koze antre nan inivèsite a. Mwen te vin swaf, mwen sòti pou mwen al wè si mwen jwenn yon bagay nan frijidè a. On ti mizik t ap woule byen ba, vwa moun ki la yo te kouvri l epi anpoul pa t limen nan okenn nan pyès yo, yon fason pou kay la pa twò klere epi ofri tout moun entimite yo. Lè mwen rive nan kizín nan mwen jwenn Marianne, sè mwen an ap bo ak on moun ki pa t lòt pase Marco. Mwen te pi etone pase m fache. Lè yo remake prezans mwen, Marianne di :

-Ti sè, m ap prezante ou Marco, mennaj mwen. Premye fwa sè m nan te prezante mwem yon mennaj li malgre mwen konnen li te gen plis pase senk anvan. Marco te pral pale lè mwen koupe pawòl la nan bouch li.

-Mwen kontan rekonèt ou Marco. Non pa mwem se Samantha.

 Mwen pran men li, mwen souke li pandan mwen te ap plede souri. Misye te etone epi pa alèz an menm tan. Onètman mwen pa te konprann pouki li te sanble on jan sezi konsa. Se pa tankou li te konn koze ak sè mennaj li mezanmi. Mwen menm non plis mwen pa te konn poukisa mwen te fè kòmsi mwen pa konnen li an. Mwen jis fè sa konsa. Apresa mwen ouvri pòt frijidè an, mwen pran on vè ji. Mwen te ret byen rilaks. Mwen te anvi ri lè mwen t ap imajine kijan Marco te do santi li lè li ap repanse ak pil foto dekòlte mwen te konn voye ba li yo. Mwen pa ka eksplike poukisa men mwen, sitiyasyon an te pi amize m pase li ta deranje m. Mwenn kanpe mwe bwè vè ji m byen bwè epi mwen deplase.

Menm jou swa a, mwen pa t menm poze tèt mwen kesyon sou kijan mwen pral aji ak Marco kounya paske mwen te vin aprann li se mennaj gran sè mwen an. Mwen aji jan mwen te konn abitye fè l. Mwen swete li yon bon lannwit avèk on ti foto byen anraje. Li li l men li pa reponn. Nan demen ankò mwen voye plizyè mesaj ba li, li fè menm bagay la. Marco t ap banm mouvman fo jènjan. Men mwen te deside toutotan li pa t di m li pa vle nou zanmi ankò, mwen t ap kontinye fè foto ak kilòt epi soutyen voye pou li. Marco t ap pran pòz ti Jezi nan po krab li, mwen m te vle fè li sòti deyò po krab sa e mwen te konnen m ka fè l sòti. Si mwen te damou Marco, mwen te ka panse li pran mmwen pou yon moun ki dezespere paske menm si li pa t janm reponn, mwen te kontinye voye mesaj ak foto. Konnen sèlman li te wè yo te satisfè m. Mwen te pran sa pou yon jwèt. E mwen konnen mwen pa t ap jwe poukont mwen.

 

Li sa tou>> Se pa pou dat #3

 

Misye fè twa semèn konsa. Mwen te vle bay vag. Men mwen te vle tante yon dènye bagay. Mwen fè yon videyo kote m ap bay tèt mwen dwèt voye pou li. Jou mwen fè videyo sa, m te nan kay la poukont mwen. Mwen chante non Marco tankou pi bèl melodi ki egziste nan fè alsiyis. Apre mwen fin voye videyo a, mw deside bay vag si li pa reponn mwen fwa sa. Youn nan rezon ki te fè m kontinye ap pwovoke Marco, se paske li t ap fè rezistans. Dezentèresman misye te fè mwen anvi l plis. Mete sou sa, kèk jou apre mwen konnen Marco se mennaj sè m, li te vin parèt pi entèresan nan je mwen. Paske m te konnen misye pa t pou mwen te ban mwen anvi goute li pi plis toujou. Kit se defo oubyen peche, kit se pa yon lòt oubyen pa sè m, sa pa te deranje m. Mwen jis renmen manyen sa ki pa pou mwen.

Marco ateri lakay la kèk minit apre m fin voye videyo a ba li. Lè mwen al ouvri pòt lan m pa te panse se li menm, men sa pa te etone mwen non plis. San salitasyon mwen di li :

-Si ou vini pou Marianne, li pa la.

Mwen pa te vle montre li jan mwen kontan wè l apre tout tan sa yo li fè ap inyore mwen an. Mwen fè pòz mwen fache.

-Mwen konnen li pa la. Se pou ou mwen vini.

Dènye pawòl li a sonnen anndan m tankou eko. Si li te vin pou mwen vre, li pa t ap bezwen fatige kò li paske sa te gen kèk minit sèlman depi mwen te fin fè videyo a. Lè mwen te tande yo ap frape nan pòt lan, m te toutouni toujou. Mwen te annik foure yon wòb sou mwen pou mwen vin ouvri.

-Pou mwen ou vini ? Ou serye Marco ? Apre tout tan sa yo ou fè ap meprize mwen an ?

Pandan mwen m te ap pale, li te rantre san mwen pa envite l.

-Samantha, mwen ansanm avèk ou konnen byen inyore mesaj ou yo pa te deranje w. Sinon ou pa t ap kontinye jouk ou voye…

-Jouk mwen voye kisa Marco ?

De men mwen te sou kote m. Mwen te bay Marco do paske mwen pa te vle li wè pandan li parèt serye, mwen se souri mwen t ap souri. Li te ka panse mwen ap pase li nan jwèt.

-Apa ou tou pa di anyen Marco ?

Gade sa Marco pa te ka di mesye. Lè li ap kòmante foto mwen yo, li pa te janm konn timid. Li gen yon jan li sot depi nan très cheve mwen, pase sou tete mwen, desann sou koko mwen epi rive nan tèt zòtèy mwen. Li gen yon jan li konn ap chante tankou powèt anba foto mwen yo, si mo te gigit, mwen t ap gentan gwòs pou Marco lontan deja. Mwen te twouve sa komik anpil pou li pa te ka pale klèman de videyo mwen an. Di li pa te ka di li oubyen videyo a te fè li pèdi tèt li ? Misye patko janm di anyen toujou. Mwen pa te ka wè sa ki t ap pase sou vizaj li non plis piske mwen te ba li do.

-Jouk mwen voye kisa Marco ? Timid ou timid la ? Jouk mwen voye videyo kote m ap bay tèt mwen dwèt epi mwen ap site non w kòmsi w te la. Sa ou pa ka di la ?

-Samie…

-Marco.

-Ou aji nòmalman alòske ou konnen trè byen mwen gen mennaj. E sa ki pi rèd la, mennaj mwen se sè ou. Ou jis rilaks. Sa ki pase menm ?

-Mwen renmen danje. Mwen renmen lè mwen ilegal. Mwen renmen manyen sa ki pa pou mwen. Se ti defo mwen. Se ti peche mwen.

 Apre mwen fin di l sa, mwen pa ba li tan pou li konprann. Mwen vire, mwen kole de men mwen sou lestomak li, mwen plake li nan pòt la epi touswit mwen kòmanse bo l…

 

 

 

 

A swiv…

 

 

 

 

 

Vanessa Rétiste Bien-Aimé

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

8 commentaires
  1. Ednick José dit

    Très beau texte !

  2. Mervil john Gerald Stanley dit

    Ilegal, félicitations

  3. Rose Annacia dit

    Si mo te gigit li tap gentan gwòs pou Marco????

    Bèl tèks

  4. Spender dit

    Podjab Marco ?

  5. MARCELIN Damaelle Gustave dit

    Wouy Mpa ka tann rès la..Ilegal??Les interdits ??

  6. destilhommewilvens dit

    Felisitasyon ak Vanessa Rétiste Bien-Aimé pou tèks la. Men mwen gen yon sèl kesyon m tap renmen poze a otè a. Èske l gen kran sa yo vre, menm lè se pa ta tout ?

  7. Bijoux Sandie dit

    Mezanmi, panse a ekri res la souple

  8. Vanessa Bien-Aimé Retiste dit

    ??? otè a mande prezans avoka l pou l reponn kesyon sa.

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.