Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Krèy

  • Publié dans: Inktober Pergolayiti

  • Modérateur/modératrice
    #3174

    Anba latè pa gen diferans ant zananna ak pengwen

    Tout moun melanje nan yon branch pwèl

    Kiyès ou ye ?

    Ou pa anyen

    Moso plezi w vin chache, se antere ou vin antere tèt ou

    Twou won san fon, kilòt chire vale nou tout

    Gwo dag men longè ap file rantre tankou vè ditè

    Epe ap voye adwat epe ap voye agòch

    Dechay fè kenken.

    Pa gen lanp, fènwa sèvi n limyè

    Tout moun alamaskay

    N ap gouye, n ap jemi

    N ap tire epe, n ap lage dag

    Twou tout kalte dimansyon ap vale n

    Nou tout konekte nan yon sèl konsyans

    Pa gen chen ak chat

    Participant
    #3176

    Li fènwa
    Tout moun lanp lumen
    Krèy la pral kòmanse
    Pou jis bajou kase

    Yon krèy san revèy
    Yon krèy san manjèt fèy

    Moun sou Moun
    Moun ap manje moun moun

    M nan yon kwen m ap gade
    Sanble m kòmanse bande?

    Moun pral debouboune
    Moun pral deboudare

    Ti dam sa ap banm je dou
    Sanble l sou fè lanmou

    Ebyen mezanmi m ap vini
    Rès istwa a pou lè m vini.

    Participant
    #3180

    W ap rakonte yon istwa
    Mwen ta byen renmen w rakonte m
    Nou de a sèlman
    Nan ti mòg lakay la!
    W ap chante yon melodi
    Ki fè eko nan pantalon m
    Mwen ta byen renmen w chante l
    Nan simityè lakay la…

3 sujets de 1 à 3 (sur un total de 3)
  • Vous devez être connecté pour répondre à ce sujet.