Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Mo m yo twò piti

2 1 709

Mo m yo twò piti

Pou pale de gwosè w 

M konnen w an pent 

Ou konnen m an penti 

Nou renmen 

an tablo 

Ou se youn 

Ou se de 

De moun ki pa sanble ditou 

De moun ki twò moun ansanm e ki pa moun poukont yo 

Ou se moun sa a ki konn jwe ak kè m, byen frajil 

Ou se premye “de moun” ki montre m jwe lago deli

Nan yon dous yon cho lanmou m gen pou ou 

Yon lanmou k ret nan nyaj

Lè reyalite twò piti pou kenbe w

M konnen w an pent 

Ou konnen m an penti 

nou renmen…

Nou renmen… an tablo

                                            n’winzikayote

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

2 commentaires
  1. Jimberson dit

    Tèks la jis mache nan sanm 🤗

  2. Sodeline dit

    Impeccable☺
    Felicitations

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.