Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Vini cheri

4 1 601

Cheri vini

Vin ekri pwezi sou pwent tete m

Vin bobo de arebò m

Fè m grenpe, monte jouk mwen plake

Nan fetay kay ou

Tankou yon gwo papiyon nwa

Ki pot 07, 77 syèl ou fè m konnen

Lè bouch ou nan mitan janm mwen

Cheri mwen se boul chans ou

Ou mèt jwe m

Jwe ak kò m jouk ou fè dekabès

Cheri vini

Vin trase lakansyèl sou pwent tete m

Vin antre sòti nan koridò m

Fè m grafonyen, mòde jouk mwen kriye

Cheri pa kanpe

Ou mèt woule tèt li

Jouk mwen pran tranble

Cheri m vle benyen w

Ou mèt peze m, ban m tap

Jouk sous mwen pete

Cheri kontinye

Menm si w wè m vle pèdi pye

Menm si w wè souf mwen ap koupe

Cheri vini

Plezi touye m deja

Se ou m ap tann pou m sa reviv…

 

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

4 commentaires
  1. Toto dit

    Mesi mademoiselle erotik yn lot rezon pou konfineman fini

  2. Jean Maurice Cadet dit

    J’adore ma jolie ! J’ai montré ton texte à d’autres personnes et je constate que je ne suis pas le seul à apprécier. 😎

    1. Vanessa Bien-Aimé Retiste dit

      Merci beaucoup

  3. Vanessa Bien-Aimé Retiste dit

    Merci merci ☺️

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.