Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Zantray Fennen

0 1 187

Zantray fennen 

Zantray mwen fennen nan bouske lanmou

Yon ti gout pousantay san

kè m travèsè lanmè al dèyè souri

yon fanm djanm kè kontan po zetwal 

lanmou m jwe marèl nan rèv la

nou banbile nan patiray lòt kè 

kè miwo miba

kè toutouni

kè san polis kouche

kè ki machande lespwa

nan fè je dou ak foli m

 

Ricot Marc-Sony

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.