Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Ri Laplèb

1 2 364

Ri Laplèb

Depi w rive la ou konnen. Kouzen, annik di chofè kamyonèt la mete w devan koridò ki anfas pil fatra ki men wotè si w  konn se moniman istorik la. Wi, gwo Pil fatra ki tabli katye jeneral li nan bouda poto elektrik ki panche, sa EDH gen  dizan depi l di l ap vinn ranje a. La a rele ‘‘Ri Laplèb’’, se yon eritaj Ri lamas ak avni lamizè kite pou nou. Depi w annik bipe m m ap vinn pran w ,Dayè  m ap gentan kanpe la ap tann ou, e wap tou wè m ak boutèy mwen kenbe nan menm paske yo apèn ouvè yon spesyal byè pi ba estasyon an nan riyèl Rabòday.

Ki afè lekòl wap pale la kouzen ?

Tchuips, yo deplase lise a sa fè  kek jou, yo mete l nan Ri Vyolans; tou kole ak simityè ki nan won pwen kote nouvo kafou lanmò a ye  kounya . W ap vire adwat,w ap fè kòm si w tap met tèt ou bò riyèl dezespwa .Eske w wè limyè ki pa fonksyone a ? Li anpàn , e se sak pèmèt ajan sikilasyon w ap gade anba je w lan la a fè  bras. Chofè kamyonèt pase l mil goud pou l pase yo lisans.Veye pye w kouzen, men w manke pile twalèt !

Ann travèse ! kay la  pa twò lwen non men w ap fè  plizyè kout pat anvan w rive, w ap gen  pou w jwe marèl nan janbe po rèd ,katon manje anbwate, sachè fatra moun nan zòn  lan fè mete la san konte dividal bokit ki aliyen k ap tann tiyo vini. Ou konnen w fre ti blòdè kouzen! ,Medam nan Stidyo bote yo pral  gade w tankou se feyton lè n pral pase nan koulwa jouda.

Atè a la gen mèt li, e se sistèm lan menm ki vle l konsa. Politisyen konwonpi dekrete la pèmanans sou Ri Laplèb kòmkwa li se yon zòn de non dwa. E se sa k fasilite ekip potanta nan leta konstwi kapital politik yo.Ou konn sa k tris la kouzen ? Pafwa se kèk nan  sitwayen Ri Laplèb menm ki konn lage l ,livre l bay swadizan ONG tèlman yo pase fo pwojè ak detounen lajan ki te destine pou travay renovasyon epi asenisman nan Zòn lan.Yo fè sa nan sousi pou ogmante kapital ekonomik yo ak espwa yon jou ya va viv nan katye lelit. Bagay  tris nèt kouzen.

Menm limyè se yon  aksyon ra! Lè yo bay kouran an se tankou Brezil ki bay gol. Atè a, anba ponp koripsyon, anpil kout mal taye  fèt, plizyè ti lajan bay pou kraze eleksyon oubyen pou alimante gè gang. Chaje peristil nan zòn lan, blòk lan red ak manbo, e se la nèg ki fè  tèt yo pase pou bandi, polisye, aktivis politik ak gwo fonksyonè nan leta a vinn aranje koze yo.

Nan Ri Laplèb, n abitye resevwa vizit  atis, potansyèl kandida k ap vinn plenn ak pawòl  mete sou kèk lòt ti rich nan sosyete a .Nou plede fè rankont ak on ekip gwo òganizasyon ki vin ak objektif pou fotografye mizè n epi pou y al mande sou non nou. Menn plis wè ‘‘Patrol’’ yo lè  vendredi swa, nan tèt week-end; òm dafè iresponsab yo, san konte lòt manb enfliyan nan sektè ekonomik yo pa vinn fè lòt Bagay, yo vin bwè byè, depanse pil biyè épi plede kouche a ti sè n yo pou ti  monnen. Anvan yo ale ,yo kite sak lajan pou fè ‘‘payroll’’ pou baz nan lojik pou zòn l’an ka toujou ret sou tansyon. Sèl esponnsò nou se bòlèt, jwèt aza ak lajan paran nou k ap bouske lavi.

Minimòm nou  fè reto, zòn  lan vyèj, pi gwo antrepriz nou  se yon biwo mon cash .

Di  yo si n pa  reve gran e paske n dòmi san  kabann ,e sanzatann bal pete sou nou, kanaj ,masak ! Move senaryo kouzen…

Men se kilè ; o wi kilès ki va leve  orikilè l e ki va prononse moun Ri Laplèb merite  viv byen ? 

Lespwa fè viv, nap tann  kouzen.

@Apotheose97 

Kwonik on fristalè

Tout dwa rezève

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

1 commentaire
  1. Stéphana Dorval dit

    Yon tèks ki dekri reyalite peyi a toutouni ! Chapo pou fristalè a ! 🙌🏽 Fòk ou konn li nan 2e degre wi pou w byen konprann tèks sa…Ri Laplèb = Ayiti 👏 li lè pou yo sispann mal taye abitan Ri Laplèb yo mezanmi

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.