Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

M anvi ekri

0 1 950

Pou zanmitay Rodeline Doly ki konn ban m wè

kot lakansyèl kouche nan cheve l 

M anvi ekri 

M anvi ekri yon powèm 

kanson nan tay

debou kou pwent tete w

pou bay lanmè jòf 

jou k li pèdi wout kay li 

konsa tout mo damou ki senyen 

a fè sitin kont londjans

chagren k toufe nan djòl loray

 

 

Yon powèm ki pou charye 

tout kaskas vwa w 

sou twotwa lamizè refize 

yon powèm ki pa kanmarad pè pap 

M anvi ekri yon powèm sen 

sen tankou legliz ki pa vann lakominyon 

M anvi ekri  yon powèm

avèk alfabè tout mo k

jwenn definisyon nan bouch ou 

M anvi ekri  yon powèm 

pou m di w

bote w se yon moso flè k

pouse 

sou tout galèt ou pile

 

Ricot Marc Sony

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.