Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Lanmou tenèb

5 1 309

Mwen renmen w, men pa espere m pral di w sa.

M ap fou pou ou, men m pa vle w nan vi m.

M ap kache santiman m, kache pa w

Mwen pa bezwen nonm, souple, pa mande m fanm

Pa rakonte m lavi w, pa m lan se yon gwo lizyè mistè

M pa bezwen konnen ki koulè nanm ou ni ki rèv ki ka fè dlo kò w benyen kò w

M pa bezwen konnen kòman w leve, souple pa vin mande m si m te manje

Limyè detwi tout bagay,

Ann viv nan tenèb la nou menm, ann mouri epi resisite nan yon toubiyon fènwa

Sa k ka fè chak branch cheve nan tèt nou kanpe yo, nou pa oblije pataje yo

Sa k ka fè chak gout san nan kò n tounen dlo yo, ann kite sèlman kouto nan kè yanm nou konnen yo

Kite n kontinye pi fou chak jou

Se pa nan ti sa a nou t ap al rejwenn tèt nou ki pati depi dikdantan

Istwa kote yo marye epi yo fè yon pakèt ti lèzanj yo pa enterese m ankò

M depase laj pou sa

M vle reve gratis

M vle reve ak tout libète m

M vle layite kò m nan plezi san kondisyon

Koup yo se kote ki gen plis ipokrizi

Ann pa konstwi yon chato k ap kraze tout jan tout jan

Pa vin di m ou renmen m, menm si se ta vre

Pa gade m nan je, m pa ta vle w dekouvri mistè ki kache nan nanm mwen,

kite m nwaye verite m nan de twa gout dlo je

Fènwa yo t ap byen renmen pataje chalè kò nou

Alòs,kite zetwal nan syèl griyen dan sou foli nou.

 

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

5 commentaires
  1. Vanessa Bien-Aimé Retiste dit

    Manman gad me kout plim. Gade lò nan yon senp dlti pwezi.

  2. Akwaba Mali dit

    Yon tèks avèk anpil kontradisyon. Yon liris ki oze. Tèks la pote yon diskou ki raj ak lanmou. Yon diskou antikonfòmis. Kont tradosyon ki gen nan koze renmen. Yon tèks ki gen pwezi ak anpil figi estil. Pou mwen se yon tèks ki kenbe kò l. Ki reyisi. Bon travay fanm!

  3. Olibrice dit

    Yow moun ki ekri text sa jis wow oh gad jan on tèks profon ?

  4. CHÉRY MELKY CEDECS dit

    Se jus waww!

  5. BBF dit

    Lanmou sa a s on lanmou ki ka touye ti kal pa ti kal.
    M santi emosyon yo
    Sansiblite a la
    Kenbe la

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.