Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Lachoko sòs frèz

0 1 097

Aswè a montre m menm jan chokola pa gen fontyè a

W ava dechèpiye chak ti milimèt po m

Pran san w

M pa prese

Nou gen tout nwit lan

Tout savè nan mond lan reyini nan yon senp ti bagay

Aswè a se konsa m vle w manjem , tòtòt mwen, fè je m vire lanvè sou konn on lougawou

M vle w rive kote w potko janm rive

Pou w satiyet tout anndanm

Pou danm ret deyo selman

Nan mòde po bouch mwen

Lè w rive nan mitan chokola sa

M vle w fèm fonn

Anba chalè w

Pou w fèm pèdi pye m

Pou m k ba w ti sòs frèz  lan

Foure tout kò w

Foure dwèt ou

Pou m ka baw plis nan ti sòs ki anndanm la

W ava niche l sou konn

Lè yon timoun fèmen de zye l pou niche mamba ki nan dwèt li

Papanike

Si w wè m map grife w

Paske se avè w m vle rete

Se pou ou m ye

Tout nwit lan

Pou nou fè on sèl

Aswè a m anvi debòde

Sou konn yon sous

K ap pwodwi myèl ak karamèl sèlman

Chavire m

Fè m pèdi lalwèt mwen

Nan fè zorèy vwazinay

Fen nan fè tripotay

Jiskaske w di m koman mwen fè dous konsa

E nan kè m m ava ri

Paskem konnen w tou pran nan pèlin

Koz fanm jakmèl depi l vle yon nèg anyn pap bloke l.

E w sou chans ou aswè a se ou m vle

Melanje lèt ou ak sòs frèz mw an

Kite m chouchoute w

Ban m montre w koman w sipoze manje mitan chokola m

Pa di m sovaj

Si w ta wè m anvi pi prese ke w

E mande w tout afè m

Ou mèt kwè m paske w pap ka fè yon pa

W ap vle pou w ret avè m pou toutan

M vle ba w anvi pou a chak fwa ou ta ba w anvi vire do w ban m

Pou w sonje grenn plumay sa

Pou w rete

Sou konn yon bagay ki kole nan siman

Paske w pran nn lachoko

Ki knn sa ki rele gouyad move

Sou konn on fanm vanyan ki fè tout vil ap pase lwil koulèv nan ren li.

Paskew met kwèm si se pou cho ou fèl cho

E m asire w  menm si lafimen ta soti

Nou fenk kòmanse

Cheri mòde m sou konn lè limena kole dan li nan donèts

Sakaje tout andanm

Pa kite m poze ditou

M a gen kont tan m pou m pran souf

Fè m plezi sa

Pa pèdi tan w di m ou renmen m

Paske w ap kase ambyans lan

Sa m vle se pou w fè m dous

Ak lang ou

Ak kò w

Ak bich de Nowèl ou

Ak … Ak… Ak tout ou menm

Kite m savonnen w ak lang mwen

Pou m ap lanbe tablèt chokola  w

Te m di w mèsi nan fason m

Pou tout mizè ou pase nan sal espò

Jouktan mw desann pi ba

Epi m rale baton Moyiz spesyal mwen an

Sa m pap negosye ak okenn lot fanm lan

E w ava kite m pran swenl

Jwe avèl

Pou w ap vire anba menm

Pou w ap foure men w nan cheve m

Pandan w ape di m fè paw

Pandan ke  lèt ou va vide sou djòl koulè kafe m lan

Aswè a

Ou mèt kwè m

M pa bezwen konnen si se kèk lamp ki limen dèyè m

Men mwen vinn pou  bon

Paske tout ti  tilititi

Ti zuzu

Rete lakay mw

San filtè

M debake

W ava ban mwen baton choko m

San filtè

Se yon lanmou sal

On lanmou voras

On lamou o chokola

Ki tante m

M anvi fè je dou

Jouk ou rive di A la koko cho

Tèlman m konte gaspiye w

Bwè tout ti enèji w

Si non al fè wout ou

Pou m pa dedouble sou w.

 

Lire également>>Plenn nan Kè

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.