Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Chyendòm

4 1 187

Chyendòm

Istwa sa vrè. Se mwen ki envante l.

Boris Vian

Mwen genyen souvni jou sa tankou se te ayè. Mwen sonje jou sa tankou se te jou premye kominyon m. Se te yon vandredi Sen, sant pwason an t ap fe mikalaw nan kwizin nan. Manmi ak twa sè m yo (21, 19 epi 16 lane) te nan kwizin nan ap prepare manje a. Pi gran frè m nan, 24 lane te gen yon gwo kas nan zòrèy li, ap tande yon kalte mizik rap san pye ni tèt pandan li t ap prepare ji pou akonpanye festen sa medam yo t ap konkokte a. Dezyèm gran frè m nan, 15 lane, te bay manti di li gen lafyèv, te kouche nan chanm li ak yon postè Beyonce nan men l, li pa t ap fè lòt bagay : li t ap bat yon fwa ankò yon laponyèt sou madanm Jay-Z a. Si malerèz la te konnen sa mouche sa t ap fè l pase chak jou, li ta sispann poste ti foto ak bikini.

Sou tèt 10 zan mwen an, malgre se mwen ki te pi piti nan kay la, pa t genyen pi wondonmon ak pi maledve pase m. Yo te lonje yon bale ban mwen epi yo te fè m egzijans pou mwen bale lakou a ansanm ak tout kay la. Mwen pa kache di nou, djòl mwen te lonje tout longè li. Mwen te boude pase sa m pa konnen. Si granmoun mwen te konnen nan ki nivo mwen te nève jou sa. Adje. Chak fwa yo adrese m la pawòl, mwen te reponn yo ak pawòl byen pike. Mwen pa t nan rans ditou. Sèl sa ki te nan tèt mwen, se te jwe playstation. Nan ki koze bale kay ak lakou mwen te ye ? Moun yo te pran m pou ti Sentaniz wi !

Mwen te pè yon sèl moun nan kay la. Ban m di pito de moun : Papa m ak pi gran frè m nan. Mouche yo te bay pou gran frè m nan, li te tèlman fè afè l dwat, tout moun te toujou ap di mwen pa fouti soti byen tankou l. Se pita mwen vin konprann sans pawòl sa yo, yo te konn rele m mouton egare, ti dife volan, gate ras, elatriye. Papa m li menm, li tèlman pa te yon moun ki te renmen pale, li te vin rann mwen gen yon gwo krentif pou li. Ak yon senp rega, li te kapab destabilize m, fè tout zo nan kò m tonbe sonnen kou alam. Tout frekan mwen te frekan an, se la pou miche pa te la. Papa m se te yon Rambo silansye.

Jou sa, papa m te chita nan dèyè lakou lakay la epi li t ap repare yon gwo radyo ki te la depi lantikite. Radyo a te non sèlman gwo, men w a lèd pa w ! Men papa m te gen yon lanmou pou radyo sa ki te inesplikab. Li t ap fredone yon mizik Roger Colas, pandan li te gen yon sigarèt nan kwen bouch li. Lè m remake li te dèyè kay la, mwen te vire do m. Mwen te di nan tèt mwen m a gentan netwaye dèyè kay la. Men se te san konte sou papa m, ki te rele m. M pa kache di nou, kè m kase tèt tounen kite pwatrin mwen.

Lè mwen avanse sou li, li fè m chita. Papa m etènn sigarèt la epi li depoze zouti li yo sou yon blòk. Li gade m pandan lontan. M pa kache di nou, papa m fè tankou se yon moun mwen te sot touye tèlman li gade m byen di. Si m te ka kouri ale, mwen t ap fè sa. Apre yon letènite, papa m ouvè bouch li pou l di m :

« W ap grandi vit. Lòt semèn nan la, w ap pi wo pase m ! »

Fòk mwen di nou papa m te wotè yon gwouyad. Si nonm nan te gwo pwatray, Letènèl pa t fè misye kado sa yo rele wotè a ditou ditou. Adje. Manman m te ka bwè soup byen alèz sou tèt papa m.

Mwen te kontante m souri bay papa m. li te kontinye pale :

« Ou gen anpil karaktè. Mwen apresye sa lakay ou. Ou pa p kite moun mache sou pye w, kwè m pitit gason m, sa pral itil ou anpil lè w pi gran. »

M pa konnen pouki papa m t ap chante m tout bèl pawòl sa yo, men mwen te santi yon kalte fyète pandan m t ap tande l la. Epi tou, sa te fè m santi m byen nan po m, sitou dabitid se gate ras yo konn ap rele m. li te kontinye :

« Men gason m, ou pral bezwen kiltive plis sajès lakay ou. Ou piti toujou, men se depi kounya ou dwe aprann pran responsabilite w. Ou dwe koute pi gran pase w, paske sa y ap di w yo ap ede w vin yon pi bon moun. Ou se yon gason entelijan, pa fè moun rayi w paske w maledve epi w pa gen bon konprann. »

Nan je papa m te gen yon senserite ki t ap degaje. Se premye fwa mwen te wè yon moun sensè pandan li t ap pale nan tout lavi m konsa. Papa m te pase yon men nan tèt kale bobis mwen an, epi li te kontinye :

« Fè travay ou san plenyen. Pa boude lè yo ba w responsabilite. Okontrè, chak nouvo tach yo ba w akonpli, se yon mwayen pou w vin pi djanm, pou w vin pi gason. Patisipe, ede, kolabore, sa ap fè moun gen plis respè pou ou. Nou chak nan kay sa gen wòl pa nou pou nou jwe. E ou menm tou, ou gen redevans anvè kay sa, menm jan kay sa gen redevans anvè w. »

Lè papa m fin di m pawòl sa yo, mwen te reyalize se premye fwa nan lavi m yon moun te mete m chita pou ban m konsèy. Papa m te fè m santi m enpòtan, papa m te fè m santi m gran, mwen te santi m moun. Pou premye fwa depi lontan, yo pa t di m kijan m pa bon, kijan m chaje defo. Non, okontrè, papa m te wè potansyalite m epi li te deside mete konfyans li nan mwen. Wòl yon bon paran, se pafwa fè timoun nan konprann kijan li kapab fè plis pase sa l panse. Mwen te fyè, mwen te santi m byen nan po m.

Mwen te fin remèsye papa m, epi mwen te rale bale a. Koze pa pou nou mezanmi, men mwen netwaye lakou sa nan yon pwen menm figi w ou te ka gade ladan l si w panche. Mwen te gentan ap imajine kijan mwen pral dedye rès jou nan lavi m pou mwen fè moun respekte m. Kijan m ap yon bon timoun, kijan m ap sispann fè frekan ak moun. Mwen te sibitman konprann lavi yon lòt fason. Sou tèt 10 lane m nan, mwen te pare pou afwonte tout gwo demon ki te ka vini sou chimen m grenn jou sa. Gras ak papa m !

Mwen sonje jou sa tankou se te ayè, paske se jou sa mwen te dekouvri vrè vizaj papa m tou. Nan lannuit, mwen ansanm ak lòt de frè m yo te reveye akoz yon gwo vakam. Sa pa t pran nou tan pou nou reyalize bri sa se anndan kay nou an li t ap pase. De vwa mwen te konnen trè byen te nan yon gwo dispit. Dezyèm sèm nan, sa ki te genyen 16 lane a, t ap rele : « Anmwey, O sekou, sa pa p pase konsa aswè a ankò. Sètase papa, Sètase » Yon lòt vwa t ap di l sou yon ton  ki byen menasan : « Fèmen djòl ou, fèmen djòl ou. Ou bezwen m touye w ? »Vwa sa, se te vwa papa m.

Tout lòt bagay yo te pase tèlman vit, timoun mwen te ye nan laj sa pa t rive wè ni konprann yo tout. Mwen sonje lè pi gran frè m nan raboure papa m nan ak yon gwo gagann, mwen sonje lè papa m fonse sou li a epi li revise l yon pataswèl. Mwen te wè papa m atè, mwen te wè l ki ap krache san. Mwen te wè sè m nan – sa ki gen 16 lane a – ki t ap kriye tout dlo ki nan kò l, pandan lòt medam yo t ap konsole l. Mwen sonje manman m ki te rete a leka, de men nan tèt, ki t ap chache sekou le syèl. Mwen t ap mande kisa k ap pase la. Pèsòn pa t ka reponn mwen.

Mwen sonje pi gran frè m nan te egzije papa m al fè wout li, avèk tout otorite l. Li te lannuit, mwen te pè pou papa m. Ak ki dwa pi gran frè m nan te deside pou mete pwòp papa l deyò nan kay la ? Ala yon nonm te gen grenn li plen men l adje. Misye pa t manje anyen frèt. Manman m pa t di kwik depi lè koze a te kòmanse. Mwen sonje papa m ki t ap soti nan kay la, ak yon vizaj menasan, epi li te di : « Mwen pèdi yon batay, mwen pa pèdi lagè a, m ap tounen, m ap tounen byen vit ! » Kont kiyès papa m te nan lagè la menm ? Kont sè m nan ? Kont pi gran frè m nan ? Kont manman m oubyen kont nou tout ?

Swa sa, yo pa t epanye m okenn enfòmasyon. Papa m, chak swa, te amize l vini kouche medam yo. Sè m ki te gen 21 lane a te vini di manman m sa yon swa, lè sa li te apèn gen 14 lane. Manman m te deklare se manti l ap fè sou papa m. li te menm menase l ap fout li deyò si li pa sispann bay manti. Sa te kontinye pandan plizyè lane, jiskaske li te fini pa pase pran sa ki gen jounen jodi ya 19 lane ya, epi li te kòmanse fè l menm bagay yo tou. Pi piti a te pi wondonmon, se pou sa se nan gwo goumen li te toujou avè k li li menm.

Mwen pa te kwè pawòl sa yo. Mwen pa te vle kwè yo non plis. Ou kwè se de papa m yo t ap pale la ? Menm moun ki te mete m chita pou pale m de sans responsabilite pi bonè nan menm jounen sa ? Dlo te kòmanse koule nan je m. Se nwit sa mwen dekouvri sa yo rele doub diskou ak ipokrizi a. Manman m pa t inosan nan koze a non plis. Li te chwazi fèmen je l sou yon bagay twa pitit fi l yo t ap viv. Li te fè yo pèdi konfyans nan tèt yo. Li te fè yo gen dout sou kapasite ak mounite yo.

Malgre misye te pwomèt li t ap tounen byen vit, se sou plizyè lane mwen te resi kwaze ak papa m.  Li te abandone manman m, li te abandone nou. Papa m te fè pati yon liy men longè gason k ap fè tizonnay ak kadejak sou fanm men ki pa t resevwa okenn sanksyon pou zak malonèt sa yo. Mwen te gentan nan adolesans mwen lè m dekouvri kategori gason k ap fè zak sa yo te gen yon non byen spesifik pou deziyen yo : Papa m pa t yon moun totalman, Papa m pa t yon bèt non plis. Li te konsyan zak sal l ap fè yo, men li te deside fè yo kanmenm, malgre li konnen sa t ap detwi fanmi li. Papa m te senkant pousan moun, senkant pousan bèt. Papa m se te yon Chyendòm.

 

Li sa tou>> Ilegal #1

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

4 commentaires
  1. alexisjimberson dit

    Tèks la bel m renmn travay
    M renmn jan pawol yo ap mikalaw?nan lespri mwen?

  2. Sankie dit

    C’est fascinant, Je vous felicite ! j’apprecie beaucoup votre travail. J’ai une question ,Pourquoi Chyendom?

    1. Pradley Vardly Vixama dit

      Merci du compliment.
      Je ne pense pas qu’il existe une traduction fidèle pour cette expression. Chyendòm dans ce cas là renvoie à un homme sans scrupule, capable de tout pour satisfaire ses plus viles envies, un homme malhonnête et qui souille tout sur son passage.

  3. Mervil john Gerald Stanley dit

    Félicitations j’ai kiffé comme d’hab. J’aime bien le message véhiculé dans le texte, je pense qu’il contribue à une bonne éducation parentale, il nous apprend comment parler avec les enfants et qu’il est important d’écouter les enfants et de ne pas rester sans rien faire face à l’impunité.

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.