Pergolayiti
Take a fresh look at your lifestyle.

Bri Mak Kò w

12 797

Gade nan je m

W ap konprann tout sa bouch mwen pa ka di w

Gade men m

W ap wè jan l ap manyen w de tanzantan

 

 

Gad jan kò m ap fwote ak pa w depi ou bò kote m

Pa tann se mwen ki pou di w m renmen w

M p ap fè l

M manke kouraj pou sa

M pa konn kisa ou pral panse de mwen

 

 

Pito m jwe avè w tankou chat ak sourit

Pito chak sa m di w gen yon sans kache

Pito chak jès m fè vle di yon bagay

 

 

Pito m soufri paske ou pa konprann

Pase m soufri paske w pa vle m

Pito m zanmi w

Tan pou m pa ta anyen nan lavi w

 

 

Ou jis pa wè sa w reprezante pou mwen

 

 

Depi nou pa pale yon jou

 M gen pwoblèm

Depi nou fè yon jou fache

Jounen m gate

Men dèfwa se mwen ki lakòz

M toujou gen yon jalouzi san rezon

 

 

Tout bagay t ap pi senp

Si m ba w sekrè kè m

Men m prefere soufri

Paske m pa konn sa w santi

 

Sumaya Nolexta Castie

Envoyez-nous vos textes, faîtes partie de l'aventure Pergolayiti

12 commentaires
  1. Michelson dit

    C’est amusant , auteur mo sayo mwen felisitew , sa esplike yon istwa ki pase tou prem nan poum PA di dèyè Tèt mwen . Euh Merci . Une histoire vraie . Mte prefere ret zanmil tan pou genyenl menm nan vim ankò. Mais hélas

  2. Lynne_S dit

    C’est tellement vrai, tellement réel
    Mèsi paskew ekri mo sa yo pou nou, chak grenn nan nou ki poko konprann e poko ka mete koulè sou emosyon pa yo
    Merci Pergola
    Bravo Castie

  3. Djane Süleyman dit

    Ce texte est tout simplement une merveille !❤ Bravo Sumaya!?

  4. Bijoux Sandie dit

    Listwa sila a gen trop vérité mezanmi!

  5. alexisjimberson dit

    Texte la juste belle

  6. Charles Esther dit

    Wawwwww ouuff pouki tout verite sa yo nn text ln? C juste une histoire vraie!
    Felicitations Sumaya!!

  7. Jn-Baptiste dit

    « M prefere soufri paske m pa konn saw santi »
    Bravo Bol ! ?

  8. Mervil john Gerald Stanley dit

    Félicitations Castie!!!

  9. Remolien Barbara dit

    Wawwwwwwww! M ‘trò renmen tèks la ! Bravo ak Sila ki ekril la??

  10. Spender dit

    Gade m nan je wp konprann sa bouche mw paka diw????

    Twòp réalité ???

  11. Widmayer dit

    Bravo Nolexta Sumaya CASTEL ; anpil nan nou twouve nou nan sitiyasyon sila a.

  12. Naïka Turenne dit

    J’adore!!! Mo yo frape m! M fyè de ou! Bravo!

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.